
Manje Ayisyen
Pèp ayisyen renmen kwit manje, yo renmen manje e yo renmen sèvi manje tou. Tout fèt ayisyen gen manje ladan yo e genyen anpil manje. Tout selebrasyon ayisyen mache ak manje pa yo. Pa egzanp:
Premye janvye se soup gras nou rele tou soup jòn osnon soup jouwoumou.
2 janvye se jou kodenn pa nou ak diri ak pwa, makawoni ograten.
Madigra mache ak benyen.
Vandredi sen se pou pwason chèch, lanmori, betwouj (bètrav pou kèk moun), kè palmis, ak pwa dous.
Nwèl se jou diri oswa pitimi ak pwa enkoni pou kèk zòn nan peyi a.
Nan Premye kominyon nou sèvi chokola nan maten ak marinad tout lajounen anvan manje midi a.
Le samdi se jou bouyon, dimanch maten se soup jòn.
Dimanch swa se diriwolè, e se manje mennaj prepare pou anmore.
Te se pou veye yon moun mouri, kafe ak pate se pou mès lèmò, kremas sèvi jou dènye priyè a.
Soup blanch, ki gen non soup pen oswa soup mèg se pou moun malad. Lè malad kòmanse gaya nou foure l anba bouyon pye bèf ak lyann panyen.
Tonmtonm se manje moun nan sid, diri ak nwa se manje moun nan nò
Sijesyon Aktivite
1. Mande elèv yo alonje lis sa a, epi chwazi yon manje ki ta ka konsidere kòm manje espesyal pou 18 me, fèt drapo, fèt timoun lekòl ak inivèsite.
2. Mande yo ekri resèt manje nou site pi wo yo. Yo ka mande fanmi yo ede yo. Nou ka mande nenpòt paran prepare youn nan pla sa yo e pote li lekòl la pou tout moun goute. Li ta bon pou nou asosye pwofesè etranje yo nan aktivite sa yo.
3. Ti moun piti yo ka pale sou ki manje nan lis sa a yo pi renmen e pou ki rezon. Pwofesè a va ekri repons yo sou tablo pou yo.
4. Pou pi gran elèv yo, devlope yon liv resèt manje Ayisyen.
Prekosyon ki ta bon se gen pèmisyon paran yo anvan nou bay pitit yo goute ankenn manje. Kote ki gen kwizin, yo ta ka kwit youn nan manje sa yo ansanm.
Si nou bezwen resèt yo vizite paj WEB sa a:
http://www.windowsonhaiti.com