|
|
|
| La Dessalinienne I Pour le Pays, Pour les Ancêtres, Marchons unis, (bis) Dans nos rangs point de traîtres Du sol soyons seuls maîtres, Marchons unis, (bis) Pour le pays, Pour les ancêtres. II Pour les Aïeux, Pour la Patrie, Bêchons joyeux, (bis) Quand le champ fructifie. L'âme se fortifie. Bêchons joyeux, (bis) Pour les Aïeux, Pour la Patrie. III Pour le Pays, Et pour nos pères, Formons des fils, (bis) Libres, forts et prospères, Toujours nous serons Frères. Formons des fils, (bis) Pour le pays, Et pour nos pères. IV Pour les Aïeux, Pour la Patrie O Dieu des preux ! (bis) Sous ta garde infinie, Prends nos droits notre vie. O Dieu des preux (bis) Pour les Aïeux, Pour la Patrie. V Pour le Drapeau, Pour la Patrie, Mourir est beau ! (bis) Notre passé nous crie : ''Ayez l'âme aguerrie''. Mourir est beau (bis) Pour le Drapeau, Pour la Patrie. Paroles de Justin Lhérisson Musique de Nicolas Geffrard La loi du 5 août 1919, a consacré officiellement |
Vèsyon Kreyòl la ki
pa ofisyèl Pou Ayiti Peyi Zansèt yo Se pou n mache Men nan lamen Nan mitan n pa fèt pou gen trèt Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou. Annou mache men nan lamen Pou Ayiti ka vin pi bèl Annou, annou met tèt ansanm Pou Ayiti onon tout zansèt yo. II Pou Ayiti Onon Zansèt yo Se pou n sekle Se pou n plante Se nan tè tout fòs nou chita Se li k ba nou manje Ann bite tè, ann voye wou Ak kè kontan, fòk tè a bay Sekle, wouze, fanm kou gason Pou n rive viv ak sèl fòs ponyèt nou. III Pou Ayiti Ak pou Zansèt yo Fò nou kapab Vanyan gason Moun pa fèt pou ret ak moun Se sa k fè tout manman ak tout papa Dwe pou voye timoun lekòl Pou yo aprann, pou yo konnen Si Tousen, Desalin, Kristòf, Petyon Te fè pou wet Ayisyen anba kòd blan. IV Pou Ayiti Onon Zansèt yo Ann leve tèt Nou gad anlè Pou tout moun mande Granmèt la Pou l ba nou pwoteksyon Pou move zanj pa detounen n Pou ka mache nan bon chimen Pou libète ka libète Fòk lajistis blayi sou peyi a! V Nou gen drapo Tankou tout pèp Se pou n renmen l Mouri pou li Se pa kado blan te fè nou Se san Zansèt nou yo ki te koule Pou nou kenbe drapo nou wo Se pou n travay met tèt ansanm Pou lòt peyi ka respekte l Drapo sila a se nanm tout Ayisyen. Vèsyon kreyòl sa a: Raymond A. Moïse Adaptasyon ak Mizik: Ansy Dérose, 1980 |
Nou di kreyol.com ak palaisnational.info mèsi poutèt yo kite nou sèvi ak sit yo a.