Drapo Dyaspopo

drapo dyaspopo
yon ti ble yon ti wouj
ble lespwa ki tounen fènwa
wouj san ki toujou ap koule san rete

drapo dyaspopo
yon palmis poukont li
lafòs gwo ponyèt
ap toupizi pi piti

drapo dyaspopo
pou powpow
fèt nan bat bravo
pou lanmò se sèl modòd

drapo dyaspopo
pa gen mo
ak ki figi
ak ki odas

drapo dyaspopo
desanzan nan mande
desanzan nan touye
desanzan lawonte

drapo dyaspopo
fòk nou lave l
menmsi l blanchi
omwen l a pwòp

Mogura Déjeance, Ayiti
 

Retounen sou JKA 6

Retounen sou sit REKA a