Nou gen yon drapo tankou tout pèp

 

18 me 2003, n ap selebre 200 zan depi drapo a te kreye, nou pa kapab kite l pase san nou pa pataje ak fanatik nou yo sa nou te chèche konnen sou drapo a. yon drapo, dapre doktè Ati Oli “se yon dra. Menm jan moun kouvri pou l pa frèt, menm jan moun kouvri pou l kapab dòmi, pou l kenbe tanperati kò a, se menm jan tou yon drapo se yon dra ki kouvri yon pèp”. Si drapo se yon dra ki kouvri yon pèp, dra sa a pa dwe fèt nenpòt ki jan epi li pa dwe koud ak nenpòt fil. Pandan n ap eseye selebre 200 zan drapo a, ann antre nan verite a, bliye tout manti, tout move zak ki fèt kont drapo Desalin nan pou n ka chèche vrè drapo nou te genyen lontan an. Si nou antre nan istwa nou, pou n fouye zo nan kalalou, nou jwenn Desalin te kreye yon drapo. Selon kèk istoryen drapo sa a te kreye 18 me 1803, gen sa ki di se nan mwa fevriye 1803 li te kreye. Ki drapo?

 

200 zan ki drapo, pou ki pèp?

Malgre tout diskisyon k ap fèt sou koulè drapo a, oubyen yo di li ble e wouj oubyen yo tande l nwa e wouj. Diskisyon ap fèt pou sans drapo a, èske li vètikal oubyen orizontal. Men jis jounen jodi a, èske drapo ki nan peyi d Ayiti jodi a se Desalin ki te kreye l? Se yon bagay ki mande tèt frèt, ki mande anpil bòn volonte pou wè kote verite a ye. Kidonk anpil rechèch dwe fèt, e rechèch yo dwe fèt san prejije pou n kapab dekouvri drapo pèp ayisyen an.

 

 Yo rekonèt yon peyi selon drapo li

Yon drapo se yon gwo senbòl, men malerezman gen anpil moun ki pa konprann sa. Se yon senbòl anpil moun konprann yo kapab jwe ak li, e fè polemik avè l. Poutan yon drapo se yon senbòl verite, yon verite moun pa kapab kache. Gen anpil pwoblèm ki poze lè n ap pale sou drapo a. Ane sa a, lè n ap selebre 200 zan kreyasyon drapo a, fòk nou eseye antre nan nannan kesyon an, pou n pa rete nan vye polemik politik fènwa ki p ap mennen nou okenn kote.

 

Men anvan nou pale sou drapo a, gen anpil reyalite pou nou ta rive touche tankou :

 

Reyalite Desalin nan:

Premye kote drapo a te pran nesans se nan tèt Desalin, se nan lespri Desalin. Desalin se papa peyi a, se li menm ki papa drapo a. Yon drapo se pa tout moun ki ka fè l. Gen sa nou kapab rele yon “òm drapo”. Se yon moun ki gen kont kapasite, kont fòs mantal, kont fòs nan konsyans li pou l esprime li anvan l fè yon drapo. Paske fè yon drapo se pa annik pran de koulè twal kole ansanm epi ou di se drapo. Desalin pa t fè drapo a kon sa. Desalin te pran anpil gwo responsablite, li te pran anpil gwo desizyon pou l bay endepandans, pou l te kreye drapo a.

 

Reyalite rasyal la:

Nou sou yon tè kote se pa nou menm ki te premye okipe l. Se yon tè kote se ras endyen, ras po wouj ki te premye okipe l. Kòm nou tout konnen se Kristòf Kolon ki te rele ras sa a yo endyen paske li te konprann se endyen yo te ye. Kidonk drapo a dwe reprezante ras sa a tou. Dapre tout rechèch ki fèt, lè kreyasyon drapo a Desalin te panse ni ak moun wouj yo ni ak moun nwa .

 

Reyalite senbolik la :

Yon senbòl se siy yon pèp dwe bay anpil valè, se yon imaj pou yon pèp chèche konprann sans li. Lè sa a nou kab poze tèt nou kesyon poukisa tèl drapo gen tèl sans? Poukisa Irak gen tèl drapo? Poukisa Ejip gen tèl drapo? Poukisa drapo Irak sanble ak drapo Irak genyen yon ekriti ak 3 zetwal epi nan drapo Ejip la se yon Èg ki genyen?

 

Istwa drapo a:

Premye nèg ki t ap batay yo, se avèk drapo franse yo te konn batay. Sa te vin fè blan franse yo panse esklav yo t ap batay pou libète men yo pa te vle endepandan total kapital. Franse yo te kòmanse ap fawouche esklav yo anpil pou sa. Nou konnen si yon pèp ap goumen tout bon, si yon lame ap kontre ak yon lòt lame, fòk yo chak gen drapo pa yo. Drapo Franse yo pa te ka drapo ansyen esklav yo. Desalin, Petyon te reyini ak bann ofisye lame endijèn yo, yo te deside pou yo bay lame yo a yon drapo ki rele yo chèmèt chèmètrès. Desalin rache moso blan ki te nan mitan drapo fransè a, li kole ble a ak  wouj la. Depi jou sa a, Ayiti te gen yon drapo tankou tout peyi. Se nan sans sa a nou vin wè premye drapo lame endijèn yo te ble e wouj ak bann vètikal. E drapo sa a te gen kòm deviz “libète oubyen lanmò”. Gen anpil nan istoryen yo ki dakò ak sa. Nou vin konstate drapo a te la depi anvan kongrè ki te fèt nan mwa me 1803 nan Akayè.

 

Eske te gen yon drapo ki te kreye nan Akayè?

Nan tout rechèch nou fè nan liv istwa peyi a, pa gen okenn dokiman ofisyèl, ni prive ki di te gen yon kreyasyon drapo ni konsekrasyon nan Akayè, se te pito yon prezantasyon ki te fèt pandan kongrè mwa me 1803 a. Men gen anpil liv istwa ki fè nou konnen nan lannwit apre kongrè a, lame endijèn nan ki t ap soti Akayè pou ale Leyogàn te kontre ak yon ti bato lagè, e bato sa a te atake lame endijèn nan. Men nan bato lame endijèn nan se te yon drapo koulè nwa e wouj ki te ladan l. Apre kongrè a lè lame endijèn nan t ap batay ak lame fransè a pou li te ka pran vil Jakmèl se te yon drapo nwa e wouj ki te nan men lame endijèn nan. Sa fè dapre konklizyon nou jwenn nan liv Madan Odèt Wa Fonbren nan, Desalin te vin chanje drapo endepandans la swa 18 me 1803, swa 18 me 1805. Selon kèk istoryen toujou, se pandan yo t ap kouwonnen Desalin anprè avi nan mwa oktòb 1804, li vin adopte drapo nwa e wouj la.

 

Konbyen drapo Desalin te kreye?

Dapre kèk liv istwa d Ayiti Desalin te kreye de (2) drapo. Youn pandan lagè endepandans la ki te ble e wouj, men yon ble ki atire sou koulè nwa. Yon lòt apre endepandans ki se nwa e wouj tou de nan sans vètikal. Men sa nou ta dwe kenbe nan  tèt nou , drapo endepandans la te ble e wouj. Doktè Oli fè konnen koulè yo enpòtan anpil nan kreyasyon drapo a. Lè yo di tèl koulè ble, se yon bagay ki enpòtan anpil paske koulè a gen yon nimewo nan laboratwa chimik.

 

Ki drapo yo te adopte an 1807?

Apre lanmò Desalin, Petyon te retounen ak koulè drapo endepandans, ki te ble e wouj men ak bann orizontal. Sou drapo ble e wouj la, yo vin ekri yon deviz : se "linyon ki fè fòs nou” [ an bonjan Kreyòl: men anpil, chay pa lou; ndlr ] sa vle di toutan nou mete tèt ansanm, n a toujou fò… selon mesye Janklod Cheri ki se yon jounalis, yon ekriven, yon atis, “Petyon pa te gen okenn dwa pou l te vin mete koulè blan nan drapo a menm si se te pou l te desinen zam yo ak pye palmis ki nan drapo a. Se sa ki fè gen anpil moun ki di se pou Petyon te fè Fransè yo plezi ki fè li te vin mete koulè blan sa a nan drapo a. paske se pa Petyon ki papa peyi a, se Desalin. Se Desalin ki te deside al kot Petyon pou l di : “annou fè lagè sa a.”Se Desalin ki te vle marye pitit li ak Petyon. Se Desalin ki te gen yon konsyans revolisyonè ki fè revolisyon an abouti.

 

Anri Kristòf te adopte koulè nwa e wouj la tou nan nò peyi a. N ap fè remake tou si Kristòf te domine tout peyi a pa t ap gen pwoblèm ble e wouj la, men kòm Petyon, li menm, t ap dirije nan lwès, li te kenbe ble e wouj paske li pa t gen dwa gen nwa e wouj tou, piske se te 2 repiblik ki te genyen nan epòk sa a.  Prezidan Franswa Divalye te reprann drapo nwa e wouj la nan ane 1957 ak bann vètikal men li genyen desen palmis la ak zam yo ladan menm jan ak sa Petyon te kreye a sèlman Divalye  te retire bonè a ki te nan drapo a.

 

Ki sa yon drapo reprezante pou yon pèp?

Yon drapo se premye senbòl yon pèp. Se li menm ki kapab kenbe nanm pèp la je louvri pou l defann tèt li, pou l defann tè a, pou l defann patrimwàn li. Kidonk si nan senbòl sa a, si nan imaj sa a deja gen manti, ebyen se nan manti n ap naje e manti pa janm mennen okenn kote sinon nan fènwa. Yon moun kapab bati anpil bèl bagay sou laverite men yon moun pa kapab bati anyen sou manti paske twou manti pa fon.

 

Wozilya Franswa

Jounal Bon Nouvèl - Me 2003

 

Retounen sou JKA 6

Retounen sou sit REKA a