Pitit mwen chèche.

13 janvye 2003

 

Pitit mwen chèche.

Chache konnen

Konnen kilès ou ye

Kilès ou ye nan mitan pèp Bondye a

Pèp Bondye a genyen tout ras

Tout ras pa gen menm listwa

Menm listwa si w soti nan menm nasyon

Nan menm nasyon ak zansèt ou  yo

Zansèt ou yo se tout fanm ak gason

Tout fanm ak gason ki te anba chenn lesklavaj

Anba chenn esklavaj kolon

Esklavaj kolon k ap kontinye jouk jounen jodi a

Jouk jounen jodi a nou nan mawon

Nou nan mawon devan tèt nou

Devan tèt nou genyen reskonsablite nou

Reskonsablite pou nou ranmase dinyite nou

Dinyite nou kòm moun lib

Moun lib ki pa zonbi

Ki pa zonbi sou bitasyon grandon

Sou bitasyon grandon nasyonal, entènasyonal

Grandon nasyonal entènasyonal tou patou sou latè

Tou patou sou latè y ap kontinye maspinay

Maspinay pitit pitit zansèt nou yo

Zansèt nou yo se te gwo lidè

Gwo lidè tankou Kristòf ak Desalin

Desalin papa nou tout

Papa nou tout pitit libète

Pitit libète pa ka rete nan tete

Nan tete lang ak zangi

Zangi anba wòch

Wòch fo zanmi

Zanmi rat mode soufle

Mode soufle maleng ou ban m

Maleng ou ban m nan tèt mwen

Nan tèt mwen pou m pa wè

Pou m pa wè si w ap toufe m

Si w ap toufe m ou pa vle m respire

Ou pa vle m respire pou mwen pa viv

Viv lavi

Lavi m kòm nèg

Nèg  pitit ginen

Pitit ginen ki kwè

Ki kwè nan tèt li

Nan tèt li genyen sajès ak lakonesans

Lakonesans sou kijan moun viv

Moun viv nan konbit

Nan konbit pou nou gounen

Pou nou goumen ak tout zam ki nesesè

Tout zam ki nesesè pou n elimine

Pou n elimine inyorans, lamizè, laperèz

Laperèz devan lòt ras

Lòt ras ki vle nou pran yo pou siperyè

Siperyè nan pawòl, nan panse, nan aksyon menm nan lespri

Menm nan lespri pou n pran yo pou Bondye

Pran yo pou Bondye jamè

Jamè sa a ekri an wouj

Wouj koulè san

San grangran manman n ak grangran papa n ki batay

Ki batay pou mwen nèg

Mwen nèg, nou nèg viv tèt leve

Tèt leve je n nan je yo

Je n nan je yo pou n di yo nou pa kapab bliye

Nou pa kapab bliye rasin nou

Rasin nou plante fon

Plante fon nan nanm chak nèg



jude jean-francois

Retounen sou JKA 6

Retounen sou sit REKA a