NDLR: Men premye pati yon tèks enpòtan anpil, rès la ap parèt nan mwa jiyè 2003 a.

 

Jewografi Ayiti

 

Ayiti, non di primitif, raple yon pèp ki te prefere lanmò olye sèvitid. Thomas Madiou

 

Pati lwès Oseyan Atlantik Nò separe pa lanmè Karayib nan sid, e Gòlf Meksik nan nò, gen yon latriye il ki rele Il Antiy, ki sanble kole, nan yon liy ondile e kase de gran il Amerik nò e sid. Zile sa yo divize an plizyè gwoup, pi gran e pi enpòtan yo se, Pòtoriko nan ès, Kiba nan lwès, e Ayiti nan mitan, ake Jamayik ki kouche bò ekstremite lwès dènye an. Sitiye ant 17èm e 20èm degre latitid nò, e 68yèm e 75èm degre lonjitid lwès, Ayiti e Santo Domingo lonje ès rive lwès apeprè 629.03 kilomèt, posede yon lajè mwayen, sòti nò rive sid, de 162.29 km, apeprè 78.250 km2 fè pati li; kat fwa pi gran pase Jamayik, e prèske menm lajè ake Il Ireland.

Apati yon pwen santral, toupre mitan Il Ayiti, elve wo prèske rive 182.87 dekamèt anlè nivo lanmè, de pati, an paralèl nò e sid, lonje zile a, ba li fòm e aspè Sphinx. Tètmòn yo pifò nan yo etann vè lanmè, leve piwo gran twou, fòme pakèt tèt mòn ki sòti nan dlo, osnon desann douvan oseyan an, pou fè plas bay yon latriye kotplaj. Mòn leve ès e lwès kase desann fòme twa gran vale twa rivyè prensipal rouze. Rivyè Youna, ki sòti Mòn Lavega, nòdès zile a e tonbe Kotplaj Samana. Gran Yaque, ki sòti nan tètmòn pati lwès, koule travèse plèn Saint Jago e tonbe Kotplaj Mancenille. Pigran rivyè a se Latibonit, pati lwès, tout sous li sòti nan mòn yo, rouze plizyè vale, e li vire bò nò, koule bò pati lwès mòn Kawòs, apre yon wout zigzag e long, tonbe nan oseyan yon tikras sid Kotplaj Gonayiv. Tandiske rivyè yo koule ès pou lwès e lwès pou ès, yon pakèt sous koule nan direksyon nò e sid, tankou yon kwen 90 degre osnon dwat pa rapò a branch gwo pyebwa. Ayiti se yon tè byen wouze, espesyalman pati lwès la, kote plizyè lak e twou dlo anbeli e anrichi peyi a. Pati ki pi nan ès gen mòn e rid menm jan, men lòt pati yo ofri gran divèsite ake lanmou pou vale nan mòn, vale fètil, e savann aliyen.

Plase nan mitan twopik, Ayiti gen yon klima cho e imid, tanperati a konnen gran varyasyon, pa egzanp nan fon lavale solèy la cho, andedan sou tètmòn ki pi wo gen nesesite limen dife. Chalè solèy la mwen cho nan kotplaj akoz vanfrèt lanmè, latè soufle youn dèyè lòt. Mwa Me e Jen pote anpil lapli. Tanpèt mwen frekante Ayiti pase lòt zile nan Karayib la. Sou yon tè tèlman rich lavi senkwonize, abita natirèl ki ebèje natifnatal, motivasyon travay di faktori pa ni di ni fatigan. (James R. Beard)

Retounen sou JKA 6

Retounen sou sit REKA a