Ayiti-Boyo-Kiskeya

 

Se twa non sa yo Endyen Awarak te bay peyi nou an anvan Kristòf Kolon te debake. Twa mo sa yo te vle di nan lang Makoriks endyen yo te pale a: Gran Tè- Tè mòn-Tè chaje pye bwa.

Materyèl

Tèks Chante Pou Peyi nou Ayiti ( ou ap jwenn li sou sit sa a)

Dewoulman

Fè elèv yo aprann chante a epi chante li nan klas la.

Kopye sou tablo a 2èm kouple a

 

Pou Ayiti

O non zansèt yo

Se pou n sekle

Se pou n plante

Se lan tè tout fòs nou chita

Se li k ban nou manje

Ann bite tè an n voye wou        

Ak kè kontan fòk tè a bay

Sekle, wouze, fi kou gason

Pou n rive viv ak sèl fòs ponyèt nou

 

3. Poze kesyon pou fè elèv yo pale sou nesesite plante pyebwa an Ayiti.

 

4. Li tèks sa a pou klas la: 

 

Se moso nan lèt Kristòf Kolon te ekri Minis Finans peyi Espay pou pale de Ayiti nan dat 15 fevriye 1493.

“ Zile sa a, tankou tout lòt yo, chaje ak pyebwa.  Gen anpil pò kote bato ka koste, ou jwenn rivyè dlo dous k ap koule.  Tè a se pifò platon, ak anpil gwo mòn, ou jwenn mòn dèyè mòn, plis ou ap gade, plis ou wè yo pi wo.  Mòn sa yo bèl anpil, yo gen tout kalite fòm, yo pa twò apik pou moun pa ta ka monte yo, yo chaje ak pyebwa, pyebwa sa yo wo anpil-anpil, ou ta di tèt yo ap flote nan syèl la; yo toujou vèt ak bèl fèy yo.  Mwen tonbe damou pou pyebwa estrawòdinè sa yo, gen ladan yo ki t ap pote flè, genyen ki te gen fwi.  Mwen wè sis a uit kalite pye palm, chak ladan yo gen bèlte pa yo.  Gen bèl pye bwapen tou, nou jwenn yon dal espès zwazo e fwi tout kalite. Nou jwenn siwo myèl tou.

nou vanse andan tè a nou jwenn anpil min metal, nou wè tou moun fè mikalaw. Espayola ( se konsa Kolon te rebatize zile a ) se yon mèvèy, avèk bèl mòn wo yo, ak plenn li yo e ak vale, platon li yo,  epitou tè a rich anpil pou yon moun ta plante, fè jaden, fè elvaj bèt tout plim tout plimaj, bati bouk ak vil. Gen anpil kalite zepis nan peyi a, e de kokennchenn min lò ak lòt metal...”           

(tradiksyon Lionel Hogu)

 

Mande elèv piti yo fè desen oswa yon kolaj ki ka montre diferans ant Ayiti Kolon t ap pale a ak Ayiti jounen jodi a.  Yo kapab tou vini ak foto yo jwenn lakay yo oswa nan magazin (revi, jounal).

 

Mande pi gran yo travay an gwoup 3 ou 4 pou planifye yon pwojè ki ta kapab ede Ayiti tounen vini Ayiti-Boyo-Kiskeya ankò.

 

Fè elèv pi piti yo kolekte desen ak foto peyi Dayiti, fè yon kolaj nan klas la. Lè kolaj la fin fèt, fè elèv yo dikte w yon istwa baze sou kolaj la, epi kwoke l.

Retounen sou JKA 6

Retounen sou sit REKA a