Tablo Afichaj an koulè Drapo a.

 Fè yon tablo an koulè drapo peyi DAyiti avèk elèv ou yo pou ekspoze travay sou Ayiti. 

Materyèl 

Papye koulè oswa katon mou ble fonse, wouj san, blan. Ou ka bezwen tou yon ti koulè vèt ak yon ti mawon pou fè anblèm drapo a nan pi gran klas yo. (Nwa ta bon tou)

Ti klou pinèz (sa yo rele pin or tack an angle a).

Kreyon koulè, plim pwent eponj (markers), sizo.       

 

Dewoulman

 

1.Chèche yon istwa sou kreyasyon drapo ayisyen an epi li li pou elèv yo. Fè li senp nan klas elemantè yo, fouye zo nan kalalou nan gran klas yo.

 

2.Poze kesyon sou lekti ou fè a.

 

3.Mande elèv ki konn ekri yo rakonte sa yo konnen sou istwa drapo a. Yo ka re-rakonte istwa mèt la li pou yo a nan fason pa yo. Pou pi piti yo, fè yo esprime yo ak desen.

 

4.Fabrike yon gwo drapo ayisyen ble e wouj ak materyèl nou sijere yo. Ou ka repwodi etap peripesi drapo a nan istwa DAyiti ak pi gran klas yo ak ti drapo ou fè pi piti.

 

5.Fè yo espoze travay ekri oswa desen yo sou drapo a osnon toutarebò drapo a.

 

6.Fè yo prezante yon powèm yo ekri osinon powèm yo li sou drapo a pou tout klas la.

Retounen sou JKA 6

Retounen sou sit REKA a