
GID POU PWOFESÈ YO
Sou fèt Drapo
ak Yon Kout Je Rapid
sou Peyi Dayiti
Travay sa a te reyalize avèk konkou:
Lionel Hogu
Renote Jean-Francois
Lunine Pierre-Jérôme
Lyonel Primé
epi Enstiti Kreyòl (Haitian Studies Association) nan U/Mass Boston
Pou Konsila Jeneral Peyi Dayiti nan Boston
Mas 1999
PREFAS
Se avèk anpil fyète m ap prefase dokiman sa a. Dokiman sa a se jefò pwofesè ayisyen yo k ap viv nan Massachusetts ap fè pou kontinye yon tradisyon nou genyen depi 18 me 1803. 196 lane deja, drapo sa a te fèt , li pase anpil chanjman, li pran kèk kout ba men li pa janm pèdi vre valè l.
Yon drapo se yon senbòl ki vin pi enpòtan tank laj ap monte sou tèt li. Le se senbòl endepandans, le se senbòl diyite. Li se sa ki fè sa nou ye jodiya, yon pèp, yon nasyon. Nan yon moman kote sitiyasyon ekonomik ak pouvwa kiltirèl la kreye lòt baryè nan monn lan, li enpòtan pou nou pa pèdi sa ki defini nou pandan n ap patisipe nan gran chanjman sosyal.
Detan n ap montre timoun nou yo sa ki te pase, n ap louvri pòt pou yon lòt demen. Timoun ki grandi san fyète se yon kay san poto mitan. Li pa gen anyen k pou kore l lè move tan, li pa gen anyen pou ba l fòs pou l vin yon moun tout bon.
Mèsi pou jefò komite a nan ede prepare dokiman sa a. Yon mèsi espesyal pou Lionel Hogu , Renote Jean-Francois, Lunine Pierre-Jérôme ak Lionel Primé.
Marie Andrine Constant, Konsil