DRAPO BLE AK WOUJ LA
YON SENBÒL INITE AK REZISTANS KONT LOKIPASYON
18 me ki pral vini la pral fè
Ayiti, Kisyeya ou Boyo
200 lane depi yon gwoup esklav kreyòl, ki te gen
alatèt yo Desalin, Kristòf, Petyon... te kreye yon drapo
ki te senblolize inite ant milat ak nwa, epi pou yo te
rejte tout fòm sistèm lokipasyon kolon yo. Jounen jodi
a, Ayiti ap selebre fèt drapo sa a, kòm peyi ki pi
pòv nan Amerik la, anba menas yon 3yèm lokipasyon nan
papòt 2004 la. Si sa gen 200 lane zansèt nou yo te di
yo pa dakò pou okenn kolon vin okipe peyi sa a ankò, nou
konstate pawòl sa yo pat rive respekte avèk konplisite
dirijan nou yo.
Nou rete kwè, kolon jodi yo pa janm padone ti peyi nèg
sa a, ki pote non Ayiti jodiya, lefèt yo te komèt yon
radiyès pou yo te louvri baryè libète bay tout lòt
peyi sou latè nan epòk la ki te anba dominasyon kolon
yo. Ayiti ap viv yon moman istorik kòm premye peyi nèg
ki frape pye l sou kolon franse ki te alatèt pi gwo
lame nan lemond nan epòk sila a, pou l te di yo. “
Abraham di sèt ase”, zafè esklavaj dwe fini nan
sendomeng, n ap kreye yon nasyon ki chita sou “Libète
Egalite, Fratènite. Se nan lespri sa a, drapo ble ak
wouj te kreye 18 me 1803.
Jounen jodi a, malgre Ayiti te louvri pòt pou anpil
lòt peyi nan karayib la, nou konstate gen anpil peyi
nan karayib la ki anba dominasyon kolon yo toujou, nan
yon moman kote Ayiti ap prepare l pou l resevwa 3yèm
Ansanble Pèp Karayib yo (APEK)k ap fèt soti 20 pou
rive 24 dawou 2003 nan vil Okap, ki te reprezante yon
senbòl rezistans anti esklavajis. 18 me 2003 pa fèt
Ayiti sèlman, se fèt tout peyi ki toujou anba
dominasyon kolon yo, kit se ansyen kolon, kit se nouvo
kolon yo, se fèt tout peyi sou latè ki pa dakò mache
nan nouvo fòm kolonizasyon gwo peyi kapitalis yo vle
foure nan gòj yo , ki se “Mondyalizasyon Neyoliberal
“la.
Peyi k ap sibi dominasyon gwo puisans kapitalis yo, ak
tout pèp sou latè ki pa dakò mache nan nouvèl fòm
eskplwatasyon kolon yo dwe kontinye rezistans lan, pou
kontinye mande yon mond pi lib, pi solidè, pi jis, nan
menm lespri zansèt nou yo te kreye premye drapo sa a,
ki se ble ak wouj 18 me 1803, ak premye nasyon nèg lib
sou latè beni.
M. Koti (Asosyasyon Monitè ak Patisipan Alfa - AMAPP)