SEMENN KREYOL AN AYITI |
Sony ESTEUS |
“Nou se kreyòl, ann kenbe kilti nou”, se ak kout rèl sa a Rezo Kominikasyon ak Kilti Kreyòl (REKKK) òganize yon semèn aktivite nan Pòtoprens soti 23 rive 28 oktòb, pou make Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la.
Se depi 1996 Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS) te kòmanse òganize aktivite konferans/deba, emisyon radyo, espektak kiltirèl pou make Jounen Entènasyonal lang Kreyòl la. Depi lè sa a, se chak ane selebrasyon sa a ap pran plis enpòtans sitou ak patisipasyon divès lòt gwoup nan sosyete a k ap travay pou bay kilti pèp ayisyen ak tout eleman ki konpoze l valè li merite.
Akote SAKS ki se yon enstitisyon k ap fè travay edikasyon popilè ak kominikasyon popilè nan apiye radyo kominotè nan 9 depatman peyi a, nou jwenn lòt enstitisyon ak gwoup tankou Jounal Bon Nouvèl k ap fè enfòmasyon sikile nan peyi a an kreyòl depi 35 ane, gen gwoup Afrikarib k ap travay nan zafè rad kreyòl, gen gwoup Karayibo ki nan teyat ak literati kreyòl, PAPDA k ap batay pou pwodui agrikòl lokal yo gen plis valè, nan rezo a nou jwenn tou Depatman Kominikasyon Fakilte Syans Imèn kote firamezi etidyan yo ap pran konsyans lang kreyòl la se yon lang kòm tout lòt yo e li kab pale tout kalite koze lasyans.
Semèn kreyòl la te rich anpil ann Ayiti sitou ak varyete aktivite ki te genyen yo tankou konferans/deba ak plizyè espesyalis (lengwis, ekriven kreyolis), espozisyon divès kalite pwodui natif natal, espektak kiltirèl (mizik, dans tradisyonèl, teyat popilè, pwezi, eks….).
Se mèkredi 23 oktòb la aktivite yo te derape ak yon konferans ki te fèt sou tèm:” Lang kreyòl la nan Karayib la”. Lengwis ayisyen, pwofesè Iv Dejan ki te pwononse konferans sa a te fè yon prezantasyon sou diferan peyi ki pale kreyòl yo kit nan Oseyan endyen kote nou jwenn Zile Sechèl, Moris, Reyinyon kit nan Karayib la kote nou jwenn Dominik, Sentlisi, Giyàn franse, Matinik, Gwadloup ak Ayiti.
Pwofesè Dejan te retounen nan listwa diferan peyi sa yo pou l te kab montre kouman lang kreyòl la te parèt nan chak sosyete sa yo epi kouman li devlope li evolye nan chak ka yo. Lengwis la fè konparezon ant sitiyasyon edikasyon nan diferan peyi sa yo pou l montre sa k fè lang kreyòl la rete pi fò ann Ayiti pase nan sèten lòt peyi. Li te pran egzanp sitiyasyon Matinik, Gwadloup ki pa ko pran endepandans yo jis jounen jodi a nan men Lafrans, sa ki lakòz system edikasyon peyi sa yo se yon systèm edikasyon franse ki pèmèt lang franse a gaye nan tout kouch sosyal e sa gen gwo konsekans sou kalite kreyòl Matinikè, Gwadloupeyen, Giyanè pale. Sitiyasyon lang lan diferan pou Ayiti ki te pran endepandans li depi 1804 kote prèske pa te gen blan franse ki rete nan peyi a; mete sou sa, zafè lekòl la se bagay yon ti gwoup moun sa fè lang franse a te toujou rete nan mitan yon ti ponyen alòske majorite a ap benyen nan lang kreyòl la.
Menm jou 23 oktòb la, piblik la te gen okazyon rankontre yon ekriven ki pwodui an kreyòl, se Madam Joslin Levi Twouyo. Madan Twouyo te li kèk tèks kreyòl li ekri nan yon liv plizyè ekriven kreyolis karayibeyen pibliye.
Vandredi 25 oktòb aktivite yo te kòmanse depi nan maten ak ouvèti yon espozisyon pwodui natifnatal tankou manje (tchaka, chanmchanm, kasav, tonmtonm, bwason, manba, konfiti,eks…), rad ki fèt ak twal tradisyonèl syanm, karabela, plizyè lòt pwodui atizana te espoze pou piblik la. Responsab Platfòm Ayisyen Pledwaye pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA) yo te pwononse yon konferans sou kapasite peyi d Ayiti pou l pwodui manje pou pitit peyi a manje san nou pa konte nèt sou manje lòtbò dlo. Dapre PAPDA, gen yon seri pwodui tankou farin ble Ayiti ta kab achte mwens si otorite yo te ankouraje moun pwodui epi fè farin ak yanm, patat, pòmdetè, lam veritab eks….
Nan vandredi aprèmidi te gen twa entèvansyon sou tèm “ki politik lang pou peyi d Ayiti?” epi “lang kreyòl ak medya”.
Se Dwayen Fakilte Lengwistik la, pwofesè Pyè Vènè ki te pale sou kesyon politik lang lan. Pwofesè Vènè te fè yon gwo rale sou istwa batay pou avansman lang kreyòl la divès kote sou latè. Dapre li, batay sa a te fè gwo pa sitou nan ane 1970 yo lè te vin gen plizyè moun ki fèt nan peyi ki pale kreyòl yo ki te rive lengwis. Se anpil nan moun sa yo ki te vin fonde yon gwoup yo rele Bannzil Kreyòl e ki te bay tèt yo wòl fè rechèch avanse sou kreyòl. Se tout travay sa yo ki te vin debouche sou kreyasyon Fakilte Lengwistik nan peyi d Ayiti nan lane 1978 e se apati egzistans fakilte sa a nou te vin jwenn yon òtograf ofisyèl pou lang kreyòl ayisyen an ak pwogram refòm edikasyon an ki te entegre kreyòl nan lekòl.
Lengwis la fè konnen depi 1986, lang kreyòl la fè avans li fè bak tou nan peyi a. Li fè avans paske nou jwenn plis moun k ap pale kreyòl toupatou nan politik, nan lekòl, nan biwo leta, nan legliz, eks…..Men tou li kwè lang kreyòl la fè bak nan kalite kreyòl moun yo ap pale sitou nan radyo. Dapre Mesye Vènè, gen gwo danje ki pandye sou tèt lang kreyòl la pou jan yon seri moun ap defòme l lè y ap mete yon seri mo ak yon seri fòm yo pran nan lòt lang jis pou yo kab fè chèlbè.
Pwofesè Pyè Vènè kwè fòk gen yon politik lang ann Ayiti ki chita sou reyalite 90 a 95 sou 100 moun nan peyi a ki pale e ki konprann kreyòl sèlman an. Nan sans sa a fòk leta pran dispozisyon pou kreyòl la antre nan tout aktivite kle k ap fèt nan sosyete a. Paregzanp, li pa nòmal pou yon moun ki pa konn li franse al kay doktè epi doktè a ba l yon preskripsyon an franse, li pa nòmal pou se lang franse k ap sèvi nan tribinal toupatou nan peyi a, li pa nòmal pou agwonòm yo voye swadizan al travay ak peyizan yo pral plede grennen tèm franse tankou “rotation de culture” nan figi abitan yo. Si leta vle fè yon pwogram alfabetizasyon san demagoji, fòk yo kòmanse prepare anpil dokiman nan lang kreyòl sou tout kalite sijè, fòk yo kòmanse ekri nan lari yo, ansèy magazen yo an kreyòl pou moun yo jwenn plis bagay pou yo li an kreyòl, toujou dapre Dwayen Fakilte Lengwistik la.
Aktivite semèn kreyòl la te kontinye samdi 26 oktòb ak espozisyon manje, pwodui atizanal, rad natifnatal. Gwoup Afrikarib te prezante yon konferans sou zafè tradisyon rad nan kilti nou kòm moun ki soti ann Afrik. Dapre responsab gwoup Afrikarib yo, gen yon degrengolad nan fason Ayisiyen ap abiye jodi a: “Nou fin bliye rad tradisyonèl gran gran paran nou yo te konn mete, nou pito ap kopye sa ki soti nan gwo peyi rich yo”. Gwoup Afrikarib mande pou nou tounen nan rasin nou. Yo te espoze yon seri rad ki gen rapò dirèk ak relijyon vodou a kote nou te jwenn rad ki mache ak dives lwa oubyen lespri ki egziste nan kwayans vodou a.
Klou semèn kreyòl la se te dimanch 27 oktòb kote yo te òganize yon koudjay kiltirèl nan lakou ti Seminè Kolèj Sen Masyal. Mizik, dans tradisyonèl, dans modèn, pwezi, teyat tout sa te reyini pou distrè plizyè dizèn moun ki te fè deplasman pou al asiste espektak la. Kòm gwoup mizik, gen de gwoup dans tradisyonèl ki te soti nan pwovens se gwoup dans mennwat “Peyizan Bon Jan Van” ki soti nan Koray Anri, Senlwidisid ak gwoup dans kwazeleuit ki soti Fondwa, Leyogàn. Gwoup mizik rasin Bazilo Djakata ak Sanba Zao te patisipe nan koudjay la tou.
Pou fèmen aktivite yo, REKKK te òganize yon dènye konferans lendi 28 oktòb la sou tèm “Kominikasyon ak Mondyalizasyon”, se pwofesè Ari Rejis, Responsab Depatman Kominikasyon nan Fakilte Syans Imèn ki te pale sou tèm sa a. Pou Mesye Rejis, gen yon gwo danje ki pandye sou tèt limanite jodi a akoz zafè mondyalizasyon an kote gen yon sèl gwo pisans ki vle se kilti pa l ki pou sèl kòk chante toupatou sou latè. Zafè lang lan enpòtan anpil nan kominikasyon ant moun ak moun kit se sou fòm ekri kit se sou fòm pale. Kominikasyon ak enfòmasyon jwe yon wòl enpòtan nan zafè mondyalizasyon an, se pa san rezon ki fè nou wè lang angle ap domine mond lan , sa kreye chirepit ant ameriken ak franse paske se de gwo peyi k ap chache pou se kilti pa yo ak lang pa yo ki domine toupatou. Pwofesè Ari Rejis mande pou tout pèp ki pale kreyòl sou tè a ta mete tèt ansanm pou yo goumen pou lang kreyòl la pa disparèt anba lang mondyalizè yo, fòk kilti ak lang kreyòl la prezan nan tout gwo fowòm, gwo reyinyon, gwo òganizasyon tankou KARIKOM, Nasyonzini, OEA, Inyon peyi Ewòp yo, eks….
Batay Rezo Kominikasyon ak Kilti Kreyòl ap mennen depi plizyè ane a se pou sansibilize otorite peyi a pou yo pran desizyon ki pou bay lang kreyòl la valè li merite ni isit ni lòtbòdlo. Se yon batay tou pou Leta ayisyen travay pou lang kreyòl la vin dezyèm lang travay nan KARIKOM, se yon batay pou leta pran òganizasyon fèt kreyòl la oserye tankou leta fè sa nan Dominik, Sechèl, Sentlisi, eks…
Responsab REKKK yo di yo satisfè pou jan selebrasyon fèt kreyòl la pase ane sa a. Yo konstate se chak ane ki pase fèt la ap pran plis jarèt, gen plis moun, plis gwoup k ap pran konsyans sou enpòtans lang ak kilti kreyòl la nan lavi pèp ayisyen an.
Sony ESTEUS
Lengwis,Jounalis
Manm Fondatè Sant Rechèch ak Etid Kreyòl (SAREK)