|
Date : Sat, 13 Jul 2002 09:50:52 -0400
From : "Pierre Bain" <kipkaa@attcanada.ca>
Reply To : "Pierre Bain" <kipkaa@attcanada.ca>
To : <jka@kreyol.org>
Subject : Felisitasyon
Onè respè,
Mwen kontan anpil resevwa premye nimewo Jounal Kreyòl Ayisyen an. Mwen di JKA mwen kontan li l e m swete pou l dire pou toutan gen tan. Mwen felisite tout manm ekip Jounal la pou bèl zouti sa a yo mete kanpe nan lakou
REKA.
Se yon travay ki merite anpil ankourajman. Mwen voye yon mèsi espesyal pou Lilin pou bèl rale li fè sou kesyon ALFA EKONOMIK lan, yon ekspresyon k
ap fatige lòlòj mwen depi premye fwa m te tande l.
Bravo ! kenbe la, pa lage .
Pierre-Roland Bain
*****************************************
Date : Fri, 13 Sep 2002 10:49:14 -0400
From : "Vilsaint, Fequiere" <educavision@aol.com>
To : <jka@kreyol.org>
Subject : Felisitasyon
Mesyedam onè
Felisitasyon pou jounal la. Mwen kontan wè chak etap, chak avans òganizasyon an fè. Nou ap mache, jan nou te planifye
davans. Kounye a nou poste dokiman yo, epi, yo ap akimile pou lòt ki ap vin apre yo, pitit nou
yo. Nou ap akimile pou zòt ki Ayiti yo ka pataje, kontribiye. Kontribisyon yo pa nan yon tiwa privilejye.
REKA (sitou moun nan REKA) se ekzanp ki montre "entènèt se zouti apwopriye
pou devlopman"
Ak respè
Ak admirasyon
Ak kè kontan
Fequiere
|
|