Jounen entènasyonal lang Kreyòl : Yon okazyon pou kore epi fè pwomosyon lang ak kilti kreyòl

 

Ane sa a, peyi d Ayiti fete jounen entènasyonal kreyòl la grandyozman. Anpil aktivite make gran fèt sa a. Plizyè enstitisyon, òganizasyon, asosyasyon oswa sosyete k ap travay pou pwomosyon lang ak kilti kreyòl la tankou : Afrikarib, Karayibo, Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS), Depatman Kominikasyon Fakilte Syans Imèn, Jounal Bon Nouvèl, PAPDA òganize yon semèn aktivite batize «Semèn mobilizasyon Kominikasyon ak Kilti Kreyòl.»

 

Yo òganize aktivite sa yo nan Ti Seminè Kolèj Sen Masyal, soti mèkredi 23 rive lendi 28 oktòb 2002. Nan aktivite yo reyalize yo, nou ka site plizyè konferans tankou : lang Kreyòl nan Karayib la (Entèvenan Yves Déjean) ; Ki Politik lang pou peyi Ayiti ? (Entèvenan Pierre Vernet, Dwayen Fakilte Lengwistik Aplike) ;  Lang Kreyòl ak medya an Ayiti  (Entèvenan Michèle Montas, Direktris Jeneral Radyo Ayiti Entè), Kominikasyon ak Mondyalizasyon (konferansye Ary Régis)… Anplis sa, nou ka site tou Koudjay kilti kreyòl : chante, pwezi, dans, defile, mizik lakay tankou twoubadou… Yo te fè pwojeksyon yon dokimantè ki rele « Entegrasyon lang Kreyòl nan Karikòm » ; rankont ant Ekriven kreyolis yo tankou Claude Pierre, Suze Mathieu, Jocelyne Trouillot, Pauris Jean-Baptiste, etsetera.

 

Yon lòt aktivite trè orijinal ankò nan okazyon an se ekspozisyon manje ak pwodui san pou san lokal. Nan pwodui lokal yo te ekspoze yo, nou ka site lam veriytab kwit, labapen, manyòk, yanm, lanmori… Anpil bwason tou tankou : lyann bande, bwa kochon, asowosi, likè, etsetera. Yo te fè gwo animasyon teyat avèk gwoup Karayibo plis Teyat maryonèt ki t ap danse tout kalite dans.

 

Tout aktivite sa yo fèt nan kad mobilizasyon ak motivasyon sou enpòtans ak wòl lang kreyòl la dwe jwe nan demach pou devlopman peyi a. Se tou yon okazyon pou pèmèt moun apresye orijinalite kilti kreyòl nan tout dimansyon li.

 

Aksyon prezidans la nan okazyon an

 

Toujou nan menm kad la, Prezidan Repiblik la, Ekselans Jean Bertand Aristide òganize yon rankont espesyal nan Palè Nasyonal, jou ki te madi 29 oktòb la, pou reflechi sou lang kreyòl ayisyen an. Plizyè dizèn pwofesyonèl nan divès domèn, sektè prive kon piblik, sitou nan domèn edikasyon ki se yon gwo moso nan kesyon pratik lang yo, te reponn prezan nan gran rankont sa a.

 

Pou kòmanse, Prezidan Aristide raple atik 5 konstitisyon 87 la di kreyòl se siman ki soude tout Ayisyen youn ak lòt. Apre li fin souliye Peyi d Ayiti se manman kreyòl paske li reprezante plis pase mwatye popilasyon Karayib la ki pale kreyòl, prezidan Aristide lanse deba a apati de (2) kesyon fondamantal :

 

1-     Ki pwogrè lang kreyòl la fè depi nesans Konstitisyon 29 mas 1987 la ?

2-     Ki sa Leta ta kapab fè pou kontinye fè lang nan jwenn plis plas, plis espas li dwe okipe nan sosyete a ?

 

Anvan deba a lanse nèt, Prezidan an pase lapawòl bay de (2) envite espesyal pou rankont lan. Se Mesye Pierre Vernet, dwayen Fakilte Lengwistik Aplike, epi Madam Jocelyne Lévi-Trouillot, Responsab Inivèsite Karayib.

 

Pwofesè Vernet, pou kòmanse, retrase istorik jounen 28 oktòb la. Li pwofite pwopoze, anplis jounen entènasyonal kreyòl 28 oktòb la, pou Ayiti ta chwazi dat ki raple seremoni Bwa Kayiman an pou fete yon jounen nasyonal kreyòl. Li fè konnen li te deja pwopoze manm Bannzil kreyòl yo dat sa a lè yo t ap chache yon dat pou fete jounen entènasyonal kreyòl, anvan yo te chwazi 28 oktòb la. Yo pa t rejte dat la men yo pa t chwazi li. Kon sa li kwè jounen nasyonal kreyòl sa a ta kapab jwenn eko bò kote lòt manm bannzil kreyòl yo. 

 

 

Istorik  Jounen Entènasyonal Kreyòl

 

An 1981, jou 28 oktòb, espesyalis lang kreyòl yo òganize twazyèm kolòk sou etid lang kreyòl yo nan vil Vye-Fò, nan peyi Sent Lisi. Tèm Kolòk sa a se te : « Yon Kreyòl oswa plizyè kreyòl : Kontinite ak kreyativite nan mitan kominote kreyòl yo.» Nan okazyon sa a, yon gwoup kreyolis kreye yon sosyete yo rele Bannzil Kreyòl. Nan lane 1982, Gouvènman Peyi Sechè, nan Oseyan Endyen, òganize premye kozman kreyòl. An 1983, yo fete premye jounen entènasyonal kreyòl. Depi dat sa a, peyi kote yo pale lang kreyòl nan lemonn antye adopte 28 oktòb la pou fete jounen entènasyonal lang kreyòl.

 

Nan menm ane 1983 a, Bannzil Kreyòl fete Jounen entènasyonal kreyòl nan vil Lafayèt, Eta Lalwizyàn, Ozetazini nan dènye vandredi mwa oktòb. Nan Monreyal, Peyi Kanada, nan okazyon premye jounen entènasyonal lang kreyòl la, kreyolis yo te reyini anpil moun ak plizyè enstitisyon tankou : Ministè kominote kiltirèl ak Imigrasyon, Alyans Pwofesè Monreyal, Sant rechèch sou kilti zile Karayib yo nan Inivèsite Monreyal, Ministè Edikasyon Nasyonal, Sosyete pou Rechèch ak Difizyon Mizik ayisyen, Sant pou difizyon Liv ayisyen, Mezon d Ayiti, Fondasyon Tousen Louvèti… Anplis yo te reyini plizyè espesyalis lang kreyòl nan tout zile kote yo pale kreyòl. Se konsa Monreyal te fete premye jounen entènasyonal lang san pou san an. 

 

Anvan 1982, abitan Ladominik te deja kenbe dat 28 oktòb la pou fete kreyòl la. Yo te rele fèt sa a « Creole Day ». Se yon ekspresyon anglè ki siyifi jou kreyòl. Bannzil Kreyòl tou kenbe l tou pou selebrasyon gran jounen sa a.

 

Bannzil kreyòl pa premye òganis sou lang kreyòl. An 1957, anpil kreyolis te kreye Akademi Kreyòl Antiy yo (ACRA, an fransè). Wòl espesyal li se te : « Fè envantè resous lang nan ; bay mo yo siyifikasyon yo merite ; defann lang kont enfliyans fransè ; nòmalize yon òtograf estanda… » Kèk ane pita, Inivèsite Antiy-Giyàn kreye Gwoup Etid ak Rechèch sou lang Kreyòl (GEREK) nan lide pou devlope ekriti, vokabilè epi ankouraje piblikasyon nan lang kreyòl.

 

Koudèy sou lang kreyòl yo an jeneral

 

An jeneral, lang kreyòl se lang ki fèt nan sitiyasyon dominasyon kote peyi ki pale lang sa a te sou kolonizasyon eksplwatè blan. Yo fèt sou rejim esklavajis opresyon pezèsousè etranje. Se youn nan rezon ki fè anpil moun kwè kreyòl se yon lang ki enferyè ak lòt lang tankou anglè ak fransè. Moun ki panse kon sa nan erè paske sou plan lasyans, pa gen okenn lang ki ni siperyè ni enferyè pase okenn lòt. Yo tout gen menm fonksyon : yo pèmèt plizyè moun ki ap viv nan yon menm kominote epi ki pataje lang nan kominike antre yo. 

 

Kreyòl yo gen rasin yo nan anpil lang : genyen ki soti nan anglè. Se ka Jamayik, Gayana, Hawayi ; nan espànyòl tankou palankewo (yon kreyòl yo pale na peyi Kolonbi, Chabakano (Filipin) ; nan fransè : Ayiti, Grenad, Gwadloup, Matinik, Trinidad, Giyàn, Lil Moris, Lalwizyàn, Sentlisi, Sechèl, Lareyinyon. Genyen ki soti nan Pòtigè oswa nan Olandè.  

 

Gen plis pase 20 milyon moun ki pale sèl kreyòl ki soti nan fransè yo. Jounen jodi a, lang kreyòl yo tounen yon domèn prvilejye pou rechèch lasyans paske sa pèmèt yo rive konprann evolisyon lòt lang oswa sezi kòman yon seri lang ki fèt trè lontan fonksyone (sa nou rele jenèz lang yo nan lang franse). Sa kapab pèmèt yo rive konprann mòd fonksyònman lòt lang ki disparèt jounen jodi a.  Done syantifik montre (apati istwa lang kreyòl yo), an jeneral, kreyòl evolye menm jan avèk tout lòt lang sitou sou plan sosyal ak istorik. Menm kote a, sa pèmèt yo rive konprann evolisyon ekonimik, sosyal ak politik pèp ki pale kreyòl yo. Nan sans sa a, plizyè inivèsite peyi etranje sitou Ozetazini fè anpil rechèch sou lang kreyòl. Genyen asosyasyon kreyolis yo monte pou kapab pibliye nan lang nan, nan lide pou fè pwomosyon pou lang ak kilti kreyòl yo.   

 

Nan peyi Kiba, aktyèlman, gen plis pase yon milyon desandan kreyòl ki kontinye sèvi ak lang natifnatal yo pou yo kominike antre yo.

 

Istwa ekriti Kreyòl ayisyen an

 

Evolisyon ekriti Kreyòl ayisyen an travèse divès etap. Premye etap la se itilizasyon lang nan nan literati. Nou sonje tèks «Choucoune» Oswald Durand te ekri ki pibliye nan literati ayisyen.

 

Yon dezyèm etap komanse nan lane 1943 avèk yon konferans ki te titre « Pwoblèm  analfabetis ak solisyon li » doktè Jean Price Mars te pwononse nan legliz Wesleyèn, nan Pòtoprens. Legliz Wesleyèn te trè enterese nan epòk sa a nan kesyon alfabetizasyon nan lang kreyòl la.  Responsab legliz sa a yo te kwè alfabetizasyon se yon bon mwayen pou evanjelize plis moun nan sans y ap kapab pi byen konprann levanjil si se yo ki li epi konprann nan lang yo pale a.

 

Anpil nan entelektyèl ayisyen nan epòk la te dakò avèk lide a. Elie Lescot ki te Prezidan nan epòk la te apiye mouvman an. Se kon sa pastè Ormand Mc Connel, responsab Misyon wesleyèn an Ayiti, avèk apui teknik yon lengwis yo te rele W. L. Lauback (yo tou de se tranje), te rive tabli yon òtograf pou kreyòl ayisyen an, toujou nan lane 40 yo. Se poutèt sa yo rele li otograf la «òtograf Mc Connel-Lauback».

 

Se te yon òtograf fonetik. Sa vle di jan ou tande yon moun pwononse yon mo se kon sa ou ekri li. Li te baze sou Alfabè Fonetik Entènasyonal (A.P.I., an fransè). Menm si moun nan te etranje, depi li konnen sistèm A.P.I. a, li pa t ap gen pwoblèm pou li ekri. Nou ka konprann sa paske moun ki travay òtograf sa a pa t Ayisyen. Selon òtograf sa a, pou ou ekri vwayèl nazal yo (vwayèl lè w ap pwononse yo pi fò lè ki soti nan poumon pou pwodui son an pase nan nen), ou te oblije mete yon aksan sikonflèks sou vwayèl la. Pa egzanp, pou manman, pan, chan, ou te ekri « mâmâ, pâ, shâ ». Jan nou wèl la, yo pa t itilize ch, tankou nan chichadò, men pito, sh kòm shishadò. 

 

Yon twazyèm etap. Nan kòmansman ane 50 yo, anpil Ayisyen reyaji kont òtograf Mc Connel-Lauback la . Yo te di yo pa dakò pou mesye yo «amerikanize» kreyòl ayisyen an. Se kon sa lengwis Pressoir te fè yon ti pase men nan òtograf la, men pa t gen twò gran chanjman. Se òtograf sa a nou jwenn nan liv Chan desperans ak nan Bib la. (Se pa dènye vèsyon Bon Nouvèl la non). Nan lide pou kore oswa fè pwomosyon pou nouvo òtograf sa a, kèk entelektyèl kesyon lang nan enterese fonde 2 jounal nan lang nati natal nou an yo rele Bon Nouvèl ak Boukan. Bon Nouvèl la la jiskounye a.

 

Yon lòt etap enpòtan nan istwa evolisyon lang kreyòl nou an, se lwa 28 septanm 1979 ki te fikse yon òtograf ofisyèl pou ekri lang nan. Se te yon fizyon ant vèsyon Mc Connel ak vèsyon Pressoir la. Yo pati ak prensip yo dwe itilize yon sèl lèt pou reprezante yon sèl son, tankou prensip jeneral A.P.I. a.  Esepte vwayèl ou, en, an, on avèk ch. (Pressoir te gen tan anplase sh Lauback la ak ch). Se kon sa, nou vin gen òtograf sa a ; sa jounal Diyite sèvi a.

 

Nou dwe souliye òtograf kreyòl ayisyen an ofisyèl avan lang nan li menm paske nou te dwe tann konstitisyon 1987 la pou leta a te wè nesite pou fè lang natifnatal nou an vin lang ofisyèl bò kote fransè a konstitisyon 1926 la te ofisyalize. Men, depi apre lendepandans peyi a, se an fransè yo te fè tout aktivite entelektyèl oswa adminitrativ. Anvan 1987, kreyòl ayisyen an pa t gen okenn karaktè legal. Sa vle di se apre 183 lane apre lendepandans, kreyòl la vin lang ofisyèl. Antouka se yon gwo pa paske Ayiti se sèl peyi kote lang kreyòl se lang ofisyèl.  

 

Gen yon bagay enpòtan nou pa dwe bliye. Lang yon peyi pa ka devlope si abitan peyi a pa dakò pou yo fè sa. Se tankou yon jaden w ap bay angrè. Si ou pa byen pran swen li, si li pa vin chetif ou mèt konnen l ap mouri. Lang nan pa gen okenn pouvwa sou tèt li. Fòk moun ki pale lang nan santi nesesite pou fè li avanse nan ba li plis espas nan aktivite administrasyon Leta ak prive,  edikasyon ak lòt ankò. Nou dwe souliye gen anpil efò ki fèt nan sans sa a. Nou pa ta dwe bliye non plis diskou prezidan Aristide te fè nan Loni an 1991. Sa, se te yon lòt gwo pa anplis nan bay lang natifnatal nou an jarèt.

 

Se pa pa aza fransè ak anglè depase bòn fwontyè peyi pou yo ouvè kò yo sou lemonn. Se sitou paske abitan peyi sa yo mete estrikti pou soutni devlopman lang yo. Nou fè anpil pa se vre, men gen anpil lòt ki rete pou fèt toujou. Yon peyi san kilti se yon peyi san nanm e lang yon peyi se motè prensipal kilti li. Se yon gran kafou kote tout mès, abitid, koutim ak konesans nou rankontre. Meprize lang nou se meprize kilti nou, se meprize nati nou tou. An nou bay lang nan plis espas pou li evolye epi demen va ba nou rezon.

 

Bòn fèt kreyòl ak peyi kreyòl ; tout Ayisyen ! Ayisyen se Kreyòl, Kreyòl se Ayisyen. Chak Ayisyen konsekan dwe sèmante 77 fwa 7 fwa pou li pa janm mache san lang li. Viv kreyòl, viv Ayisyen isi oswa nan dizyèm depatman an !

Renauld Govain, Pòtoprens, Ayiti

 

Retounen sou JKA 3

Retounen sou paj REKA a