REVIZYON LIV "LAKAY": 

REPONS OTÈ A, GESNER JEAN-PAUL

 

Mwen li tèks analiz liv "Lakay" ou fè a, mwen twouve  ou fè yon gwo travay. Mwen renmèsi  ni ou–menm ni pwofesè Lyonèl Hogu .

Mwen ta renmen fè ou konnen gen divès teknisyen ki li “Lakay” deja, ki bay rapò yo sou li : Ministè Edikasyon Nasyonal, Direktè lekòl prive ak lekòl leta, ak lòt lengwis ayisyen ki anseye lang nan Inivèsite ou Etid Siperyè . Yo pa siyale feblès tèks yo tankou yo pa ta nivo elèv 5ème  ak 6 ème  ane. Okontrè yo di tèks yo gen valè. Yo pa bay reaksyon sou pòtre yo. Reaksyon ou sou desen kay demanbre a  ak kay lekòl la fè mwen  plezi. Si li te vini anvan nouvèl edisyon 2002 a, mwen ta gentan fè refè li. Men, mwen ta pwofite di ke dessen nan liv eksperimantal pa prezante menm jan ak desen yon liv lekti pibliye. Sou chwa tèks yo nou ta vle fè ou wè ke se  filozofi  “Etid dimilye” a  ki domine li. Milye a pa gen klwazon. Travay pou ta gwoupe tèks yo depi nan prezantaasyon yo nan liv la pa te nan premye plan pou nou .

Liv lekti sa a se yon dokiman nou kreye pou elèv la gen abitid li  sou sa ki egziste nan alantou li . Se yon konpetans konsa nou vle devlope. Menm jan ayisyen konn vle fè konprann ti moun ayiti pa aprann anyen lekòl la , nou konstate ti moun nan peyi Etazini pa toujou pi fò pase yo nan menm matyè yo .

Pou jan itèm yo ranje, se pa FIC* (Frères de l' Instruction Chrétienne) ki  ban mwen modèl la epi prezantasyon an pa pi tradisyonèl pou sa paske li gen 60 an ou plis . Nouvo liv lekti n’ap wè kounye a, teknisyen afriken ekri yo pa pi modèn. "Lakay" sibi enfliyans yo tou. Sou pwoblèm bay elèv la yon chema pou li reekri yon tèks pou kò li a, mwen dakò ak ou. Gen yon liv mwen te li ki ekri nan ane 1985 ki gen tip egzèsis sa a apre kesyon konprann tèks la, vokabilè elt. Se yon remak mwen va konsidere nan edisyon ka gen pou fèt pita.

MENJS (Ministè Edikasyon Nasyonal ak Jenès e Espò) nan lo rekòmandasyon li yo ki akonpanye sètifika omologasyon li voye ban mwen an, mande pou mwen ekri bibliografi tou. Men li di nivo kreyòl la kòrèk sitou nan ekriti ak vokabilè.

Chak moun ki ap ekri liv gen pwòp enterè pa li l’ap chache. Liv la te vle fè elèv yo pwonmnen nan kilti ayisyen an. Se yon gid li ye. Li pa gen misyon pase tout swaf tout moun.

Nan lapratik, tèks yo pote anpil enfòmasyon ni pou elèv 5ème ak 6ème ane ni pou lòt moun tou. Si nan jan aktivite yo ranje, “Lakay” ta menm jan ak liv lekti frè yo ( FIC ) men nan demann nou fè sitou nan nivo gramè konjigezon pa egzanp , se pa  menm bagay . Nou ale pi lwen.

Mwen ta renmen anvan mwen fèmen di apre 2 tèks : Lou a ak ti mouton an , Bwadechenn ak wozo mwen reekri nan grafi ofisyèl la, Pyè Banbou tradui nan Timtim , koleksyon koukouy , anpil nan lòt tèks se tèks mwen travay aprè lekti lòt dokiman . Okenn tèks, menm si mwen di nou dokiman an, pa soti tekstyèlman nan okenn liv.Mwen te santi mwen pa alèz pou mwen mete yon moun ki ta otè tèks la .

Mwen pa dakò avèk lide ki di kote ki pa genyen , “LAKAY” ka sèvi a ; Se opinyon pa ou. Mwen ta swete ou ban mwen kèk egzanp klè sou sa ki ta rann "LAKAY" modèn , ak tout lòt definisyon lekòl , paske vle pa vle ou jwenn nan lekòl yon mèt ki ap anseye ak elèv ki ap aprann . Lekòl elemantè pa lekòl siperyè. Se sa nou rete kwè .

Mwen remèsye nou pou travay enteresan nou fè nan “LAKAY” epi mwen konplimante tout moun k ' ap travay nan "Jounal Kreyòl Ayisyen" an pou jèfò k ' ap fèt pou vansman lang Kreyòl la.  

G . J . P, Delmas, Ayiti

 

Nou ka kontakte Mèt Gesner Jean-paul nan adrès elektwonik sa a:

gesnerjeanpaul@yahoo.fr

E nou ka jwenn liv “Lakay” nouvo edisyon revi, korije , ogmante nan men otè a: #20 Rue Dessert , Delmas 68 , Petion Ville . Haiti.

FIC* (Frères de l' Instruction Chrétienne): Se yon kongregasyon franse ki ap travay nan edikasyon an Ayiti depi ane 1864-1865.

 

Retounen sou JKA 3

Retounen sou paj REKA a