
Deba sou Pwovèb ayisyen
III
(Ak
piblikasyon mwa sa a nou fini ak seri a)
Lavi se tankou yon pyès de gouden. Yon bò se palmis, lòt-la
se Tonton Nò. Nou fèk fin diskite nan twazyèm pati-a jan pwovèb nou eritye nan
men zansèt afriken nou yo plen valè moral ki kenbe kominote nou yo nan chemen
ladwati. Konsa, san ezitasyon, m’ap afime djakout bon pwovèb-la pi lou pase ti
ponyen sa yo k’ap denigre nou-a.
Pwovèb
ayisyen : fwèt pou kale déyè pèp-l?
Men
Sen-Domeng pa Lafrik. Nan lanfè lakoloni-a, sa ki te vre laba konmanse ap pèdi
fil isit. Lavi sou plantasyon-an se kraze zo, chen manje chen. Apenn si se ti
souf ou ki rete. Timounn pa respekte granmounn ankò. Kolonyal-la menm ap boule
tennfas pou wete Lafrik nan tèt esklav kreyòl-yo. Konsa, konsa, koutim zansèt yo
ap mouri. Pè Labat ki t’ap ekri bò
1740 rapòte kouman esklav yo te respekte vye granmounn epi kouman solidarite-a
te djanm pami yo. Men filanmezi sosyete esklavajis-la ap devlope plis anpil
koutim ap pèdi. Maryse Condé konstate-l :
« Dans
la société des îles, l'ancien ne peut prétendre à aucune supériorité. »
(5)
Jan sosyete nou-a kreye fòk nou dakò tou plen fòs negatif ki t’ap fè move
travay. Lavi sou plantasyon-an pa sèlman kraze brize kò, li jwe nan tèt esklav
yo tou. Yon gran istoryen afriken-ameriken, Carter G. Woodson,
ekri :
« When you teach a man that
he is inferior, you do not have to order him to the back door. He will go
without being told. And if there is no backdoor his very nature will demand
one. »
Maryse Condé menm montre nou
kouman, chak jou, nègès ak nèg sou plantasyon-yo k’ap viv sitiyasyon makawon
sa-a fini pa asèpte tribilasyon-yo
kankou yon malediksyon ki tonbe sou
ras afriken ase:
« C"est pour le nègre, et lui seul, que la
vie est amère et parce qu"il est nègre. La race est une malédiction. Oui le
nègre est maudit et contre cette malédiction, nul ne peut rien. Parce que si on
est nègre c"est pour tout la vie. » (5)
Klas dominant yo pa ret chita ap gade. Yo konprann wòl pwovèb-la jwe nan
lavi esklav-yo enpi yo pouse tout move lide ki kapab kontrarye linyon ak
solidarite. Lè nou tande Ayisyen, menm jounen jodi, ap
repete :
« Depi nan Ginen nèg rayi nèg »
nou konprann nan ki twa wa klas mèt esklav-la pran nou. Epoutan, premye
fwa yon etranje, John Bigelow an 1877,
te transkri pwovèb sa-a, li te bay li konsa :
« Depi nan Ginen nèg ap trayi nèg. »
Poukisa « trayi » vin tounen « rayi » ? Nou pa
wè ki jwèt k’ap jwe la.
Sa m’ rele pwovèb endijèn negatif-yo jwenn bon tè nan lanfè kolonyal-la.
Yo pouse ale pou vini :
« Fè nèg byen se bat Bondye. »
« Sa nèg fè nèg, Bondye ri. »
« Zafè kabrit pa zafè mouton. »
elat.
San konte yon digdal lòt pawòl negatif kankou :
« De mèg pa fri. »
« Nèg gen move mannyè. »
« Nèg sòt se levennman 7 me. » (oKap)
elat.
Nan tout sosyete gen bon gen move. Men yo pa wouze jaden ak dlo lanmè. Se
donmaj peyi d’Ayiti lè l vin endepandan-an te kontinye bay move zèb sa-yo chans
pou yo te rete nan mitan nou.
Yon jou yon save va etidye lizaj nan kan nèg mawon-yo. Pètèt, l’a
dekouvri, Afriken-yo ki te sove kite plantasyon-yo pou y’al viv nan fon bwa te
toufe tout vye lide negatif sa-yo blan franse te mete la pou rann esklav-yo dou
kou klou.
D) Kèk liv pwovèb
ayisyen.
Pou fini, m’ap bay yon lis kèk liv pwovèb kreyòl ki parèt enpi m’a poze
kesyon : Konbe pwovèb ayisyen genyen?
ADDIN-HON (pseudo.) : Torias, contes et proverbes créole,
Haïti. 1945.
BASTIEN
Rémy : Anthologie du folklore
haïtien.
BIGELOW
John : Wit and Wisdom of the
Haytians. 1877, 112p.
CHENET
E. : Proverbes haïtiens avec
leurs traductions ou leurs équivalents français. 1905.
FAYO (pseudo. Raphael Urciolo) : 3333 Proverbs in Haitian Creole.
FRANCOIS
Damien : Proverbes créoles
d’Haïti.
JEANTY / BROWN : 999 pawòl granmoun.
PAUL
Emmanuel C. : Proverbes
haïtiens. 1946, 80p.
Konbe pwovèb
ayisyen genyen ?
Pèsonn poko rive bay konbe
pwovèb nou leve jwenn. Mwen pa kwè sa posib tou. Pi gran kantite ki pibliye se
koleksyon Fayo-a men li bay plizyè varyant pou menm pwovèb-la. Konsa kalkil sa-a
mete pase genyen. Nan rechèch pa mwen, mwen ta rete sou chif 1.500, pou pi piti,
rive sou 2.000, pou plis.
Travay sa-a merite fèt pou nou kapab prezante bay tout lòt pèp sou latè
djakout sajès zansèt nou yo mouri kite pou nou. Se lè sa-a nou pap pè chante
avèk tout Ayisyen ki pa wont montre sa yo ye :
« Rete rete se zanfan yo nou ye
« Kongo Leya Kolimen Mirabo
« Zaka Mede sou douvan
« Mèt Agwe sou lanmè
« Lafanmi an Kongo
« Se z'Afriken nou tout ye. »
______________________
Bibliyografi
CONDÉ Maryse : La
civilisation du bossale.
Dzobo :
N. K. : African Proverbs. Guide to Conduct. The
Moral Value of Ewe Proverbs .
Fergusson Rosalind :The Penguin Dictionary of Proverbs.
MANIGAT Max : La connection africaine des proverbes
haïtiens (conférence).
Rey Alain : Dictionnaire Le Robert des proverbes et
dictons.
WOODSON Carter G : The
Miseducation of the Negro.