Osijè Selebrasyon Mwa Kreyol 2002 nan Montreal, Kanada.

Jafrikayiti

Noumenm, responsab REKA, nou wete chapo nou pou nou salye kokenn chenn
travay KIPKAA fè ane 2002 sa a pou li te reyalize premye Selebrasyon Mwa
Kreyòl la nan lavil Montreal, Kanada.

Tout bon vre se te yon bèl koudjay tèt ansanm kote anpil save ak zanmoure
lang Kreyòl la te kase randevou youn ak lòt epi ak gran piblik la pou yo
chita tande, boukante lide, chante, danse, nan yon anbyans kote lang Kreyòl
la t ap resevwa ochan ak sewòm li merite de dwa nan men tout fanatik li yo.

Kit se te bèl ekspoze lengwis Albert Valdman nan premye jounen an, kit se te
tout lòt aktivite ki vin mennen nou nan kalfou bèl randevou 26 Oktòb la ak
patisipasyon Franketyèn, Lilianne Pierre-Paul, Adeline Chancy epi Gérard D.
Montès, nou kapab di chak aktivite yo te pote yon varyete engredyan fòtifyan
ki vin kore manbràn lang natif natal ki simante tout Ayisyen ansanm nan.

Nou pa gen mwayen fè yon rale total kapital sou tout aktivite ki te reyalize
nan kad selebrasyon wodpòte sa a. Mèzalò, nou envite ou al fè yon koudèy sou
paj entènèt KIPKAA a, kote ou va jwenn plizyè dokiman ki rapòte kouman
aktivite mwa Kreyòl la te dewoule nan Montreal.

http://hometown.aol.com/mit2kreyol/Index5-kr.html

Yon lòt fwa ankò nou di KIPKAA ak tout asosye li yo kenbe fèm pa moli !

Nòt: Nou vin aprann byen ta ke, ane sa a ankò, chirepit anndan kominote
kreyolis Montreal la te lakòz ke gran piblik la te sètoblije chwazi ant 2
bèl koferenans ki te òganize menm jou, menm lè. Asavwa, konferans Franketyèn
t ap bay nan kad jounen 26 òktòb la sou labanyè KIPKAA, epi konferans
Koralen (Jean-Claude Martineau) t ap bay sou labanyè Sant N a Rive. Yon lòt
fwa ankò nou sipliye kanmarad k ap feraye pou byennèt lang Kreyòl la nan
lavil Montreal, pou yo eseye fè kowòdinasyon an pi byen demannyè pou fèt la
ka kontinye bèl chak ane epi pou zanmoure lang Kreyòl yo kapab benefisye
bouyon fòtifyan an san mankman. Ak anpil respè, nou di bilolo pou nou tout
kanmarad !

Jafrikayiti
Prezidan
REKA

Retounen sou JKA 3

Retounen sou paj REKA a