
Ak
Michel-Ange Hyppolite
Eske
nou konnen ki kantite peyi ki pale menm kalite kreyòl ak sa ki pale Ayiti a?
Kesyon
sa a parèt senp. Poutan li gen anpil vire tounen ladan. Alaverite, se Ayiti sèlman
ki pale kalite kreyòl nou an. Nan
rankont mwen ak mounn Matinik, Gwadloup, Sentlisi epi Ladominik, mwen remake
kreyòl yo pale a gen anpil resanblans ak kreyòl pa nou an.
Sepandan, nan ka Matininik ak Gwadloup, de zile ki pale lanng franse menm
jan ak Ayiti, si mounn ki ap adrese nou lapawòl la pale youn kreyòl ki genyen
anpil mo franse ladan li, nou ap konprann li san pwoblèm. Men nou dwe ajoute
tou, nan de ka sa yo, se kòmsi se franse mounn lan ta pe pale ak youn chapant
kreyòl. Sepandan, nou pakab sèvi ak menm teknik lan pou nou pale ak mounn
Sentlisi osnon Ladominik, paske gen lontan depi zile sa yo te rantre sou
lobedyans Angletè.
Nou
ap kontinye pou nou di gen apeprè 12 peyi ki pale youn kreyòl ak baz leksikal
franse, sa vle di: mo yo sèvi yo soti an majorite nan lanng franse a. Nou dwe
sonje tou, se pa lanng franse a sèlman ki founi lanng kreyòl sa yo ak mo. Yo
genyen mo ki soti nan divès lanng afriken yo
ansanm ak nan divès peyi ewopeyen ki te tabli dominasyon yo ak fòs gwo
ponyèt yo sou peyi sa yo. Anplisdesa, se tanzantan nou jwenn kèk mo lanng
endyen Ayiti yo nan kreyòl ki pale Ayiti a.
Piske
12 peyi ki pale kreyòl ak baz mo franse yo pa pale li menm jan, sa vin lakòz
youn ekip save, pami yo pwofesè alaretrèt Maximilien Laroche, chwazi rele kreyòl
nou pale Ayiti a: Ayisyen. Bò kote pa nou, lè nou vle mete presizyon nan
langay nou, nou senpman di: kreyòl Ayisyen.
Se menm jan an tou, nou konn di: kreyòl Matinik, Gwadloup, Sentlisi
eksetera.
Malgre
tout pale anpil nou tande sou koze leksikal lanng kreyòl yo, tout lanng sa yo
gen menm chapant. Yo genyen youn chapant ki
soti nan lanng afriken yo. Kòm se chapant gramatikal youn lanng ki defini li,
tout espesyalis natifnatal konsekan
yo admèt kreyòl la se youn lanng afriken. Sa vin lakòz
lenguis kou Serge Fuertès, di kreyòl Ayiti a se youn kreyòl Afriken.
Pou Serge Fuertès te pwouve pwen
li an, li te ekri youn dokiman ki rele: Introduction au créole afrohaitien:
Origine et structure ( 1995 ).
Kesyon
youn mounn kab poze nou kounye a se: poukisa peyi ki pale kreyòl ki gen baz mo
yo nan lanng franse a pa pale kreyòl la menm jan?
Repons lan senp. Se paske nanpwen okenn nan peyi kreyòl yo ki te al
kolonize ni tou ki te tabli
dominasyon kiltirèl yo sou okenn lòt peyi sou latè.
Si tout mounn ki pale franse estanda, angle estanda, panyòl ak pòtigè
estanda yo pale divès lanng sa yo menm jan, gen rezon pou sa. Rezon an se paske
peyi kou:Lafrans, Angletè, Lespay ak Pòtigal te jwenn
pwoteksyon epi pèmisyon Lepap, pou yo te sèvi ak pisans militè yo epi
ponmennen vòlè tè ak kouray pou yo te tabli fòtin yo.
Poudayè, nan epòk sa yo se Lepap, reprezantan bondye sou latè, ki te
gen dwa separe tout tè sou latè ant divès wa gwo peyi ewòp yo. Se menm zak
gwo ponyèt sa a nou ap viv jounen jodi a anba men Etazini pandan
nou ap li atik sa a. Kanta esklavay la menm, Etazini
tabli li sou youn lòt fòm. Li sèvi ak gwo konpayi miltinasyonal yo pou
eksplwate kouray travayè peyi yo rele peyi sou devlope yo pou po pistach. Se
konsa gwo konpayi sa yo fè timounn piti tounen travayè, kant yo ta dwe ale lekòlk
pou yo tounen sitwayen konsekan nan peyi kote yo ap viv la.
(Sa se travay youn konpayi kou Nayki, endistri “sucre” Repiblik
dominikèn lan ak anpil lòt konpayi ankò).
An
nou retounen nan chan lenguistik la. Lè peyi kolonyal sa yo te rive retire kò
yo anba kolon sousè sa yo, dominasyon lenguistik la te rive fèt youn lòt
fason. Yo voye liv, plak ak tout
kalite machandiz vann nou. Anplisdesa, sou pretèks yo ap ban nou èd, yo ranje
kò yo youn fason pou sistèm edikasyon nou an danse kole ak sistèm edikasyon
pa yo. Konsa, menm lè yo pa la, yo
toujou la. Mwen pa konn si nou remake sa, nan divès ka nou mansyone
yo. Se toujou lajan ki ap soti lakay nou pou l’ al kontinye angrese
ekonomi ansyen peyi ki te kolonize nou yo.
Kòm
kilti ak lanng mache men nan lamen, peyi kolonize yo vin oblije kenbe lanng
kolon yo ak tout ti antre soti ki
ladan yo a. Se konsa ou tande: franse estanda, panyòl estanda, angle estanda
elatriye.
Kòm
kolonizasyon kiltirèl la mache ak youn depandans sikolojik, anpil nan save peyi
kolonize yo vin delala. Se kondisyon mantal delala sa a tou ki lakòz elajisman
lanng kreyòl ayisyen an nan divès sektè biwo leta yo kontinye sèvi youn
pongongon pou fonksyonè ayisyen yo ansanm ak leta ayisyen. Sa vle di. Leta
Ayisyen pa vrèman pran okenn aksyon konsekan pou pèmèt lanng kreyòl Ayiti a
jwe wòl lanng ofisyèl li kòmsa dwa.
Konsa,
tankou nou sot esplike li pi wo a, nòmalize youn lanng pou li pale menm jan
toupatou sou latè, se aksyon ki mache ak dominasyon youn pèp sou youn lòt. Se
youn aksyon ki fòse nou bliye tèt nou, rasin
nou, pou nou tounen youn lòt
mounn ki ap travay nan enterè youn lòt pèp
san nou pa rann nou kont. Peyi ki pale kreyòl yo pa gen kalite pouvwa
konsa nan men yo. Kidonk, chak zouti kreyòl ki pran lari, se youn pa nou fè
sou chemen anrasiman pèsonèl nou nan pwòp enterè pa nou epi nan avantaj peyi
nou, youn fason pou nou rive demonte mantalite prete a,ki ap neye lespri nou
pous pa pous jouk nou rive antere pwòp tèt nou ak pwòp men pa nou san nou pa
janm rann nou kont.
Michel-ange
Hyppolite
Ottawa