
Kreyòl Nan Fèt, Kreyòl Nan Ka |
Kowòdonatè Jounal la |
| Gen kèk ane pase, 15 osnon 16 an, mwen t ap pale ak yon pwofesè ki gen enterè nan zafè lang. Mwen te mande li poukisa li pa òganize an Ayiti tou, aktivite pou selebre 28 oktòb, Jounen Entènasyonal Kreyòl. Li te reponn mwen nou pa bezwen yon jou pou selebre Kreyòl an Ayiti paske nou selebre Kreyòl toulejou epi chak minit ki nan jounen an. Nou leve an Kreyòl ak machann lotri yo, machann kenkay, machann pate, prechè layik etc. Nou regle tout biznis nou an Kreyòl, nou vann, nou achte nou fè koutay an Kreyòl. Nou fè lekòl depi 1979 an Kreyòl; nou bay Granmèt la konpliman ak louwanj an Kreyòl epi nou koze ak tout lòt Envizib yo an Kreyòl tou. Nou fè politik an Kreyòl nou bay nouvèl nan radyo ak nan televizyon an Kreyòl. Nou bay koutba, nou fè lanmou an Kreyòl. Anfen, anfen se Kreyòl la sèl nou genyen pou nou viv an Ayiti. Kijan nan yon kondisyon konsa pou ou ta mande pèp Ayiyen chwazi yon jou pou yo selebre Kreyòl, se kòmkwadire ou ta mande yo sispann aktivite nòmal yo pou yo selebre Kreyòl nan yon fason ki pa nesesè. Yon lòt kote, peyi ki te chwazi mete yon jou apa pou selebre Kreyòl la te dwe fè sa paske yo t ap pèdi kreyolite yo. Peyi tankou Sentlisi pale Angle e se nan bouch vye granmoun yo senpman moun tande Kreyòl. Se menm sa k ap pase nan anpil lòt peyi kote lang ak kilti kreyòl la ap pèdi fil e li tounen yon koze folklorik. Jou 28 oktòb la nan peyi sa yo se yon moman pou fè moun k ap grandi yo sonje kote yo sòti e se yon efò pou ralanti disparisyon Kreyòl la nan peyi sa yo. Nan selebrasyon sa a, yo pwofite tou mete nan vitrin manje Kreyòl, rad Kreyòl ak plezi Kreyòl. Men 15-20 ane pase Ayisyen te konn manje tchaka, soup jouwoumou, doukounou elt nenpòt ki jou nan yon semenn, pèpè pot ko ranplase karako nou yo, madigra ak rara te byen vivan grasadye. Timoun ki pral lekòl te konn jwenn pou yo anmize bouch yo: breton mayi, bougounen, mayilòv, tablèt rache, tablèt lakòl, tablèt graje; yo te konn jwenn chanmchanm, bonbon siwo, doukounou, akra, marinad, elt. Lè nou lakay menm se mayi bouyi, labapen... Mwen oblije fèmen lis la paske dlo ap kouri nan bouch mwen. Nou an Ayiti, nou pat ko nan sitiyasyon kote nou te santi kreyolite nou t ap file ale nan men nou. Nan ane 2002 a, bagay yo chanje. Mwen wè menm pwofesè ki te di m li pa wè nesesite fete yon Jounen Kreyòl an Ayiti a patisipe nan kèk aktivite ki fèt nan peyi a. Se yon devwa pou nou kore Kreyòl la paske lapatri andanje: - Pwofesè ap mande nan klas elèv yo li "fraz sa a <aotvwa>". Epi Kreyòl la, menm si yo tolore li nan lekòl, li fèt pou li disparèt nan bakaloreya. - Pòtpawòl Lapolis la ak kèk lòt zotobre devlope yon lang se yomenm sèl ki pale li ak lòt kesekyèl parèy yo. - Nou pa manje bagay ayisyen ankò, yo twò chè. Nou voye chèche tout bagay nan peyi etranje. - Li pi fasil pou yon moun achte yon pèpè osnon yon rad Kiraso pase li bay koud yon rad ayisyen oswa achte yon derechanj òganizasyon Afrikarib (yon gwoup sosyo-kiltirel an Ayiti) prepare pou yo. - Kreyòl pale se vre nan legliz, nan radyo, nan televizyon men se yon Kreyòl tounen, dlololo kote franse ak angle pi fò pase kantite Kreyòl ki nan bouch moun sa yo. Pastè yo pa sèvi ak Bib kreyòl la lè y ap site vèsè yo, se Bib franse a ki kontinye sèvi paske yo deklare yo pakap li Kreyòl. - Papye ak Jounal ofisyèl peyi Dayiti toujou an Franse e paj entènèt gouvènman an ap peye yo ak lajan pèp la pa gen Kreyòl. Douvan tout gagann sa yo, nou fèt pou nou chita pandan yon jou, yon semenn, osnon yon mwa tankou KIPKAA fè li, pou nou reflechi sou sa k ap pase nou la a. Anplis reflechi, fòk nou deside tou sa ki dwe fèt pou chanje pant glisad sa a ki ap fè nou plonje toudrèt nan tchouboun. Ka Ayiti pa ka Sentlisi, pa ka Sechèl, pa ka lòt peyi ki separe Kreyòl la ak nou. Nou pa gen Franse, nou pa gen Angle, nou pa gen Pòtigè ki pou ranplase Kreyòl la lè n a fin pèdi li a. Kreyòl la se tout nou, nou pa gen anyen ankò ki pou ranplase li kounyeya. Pa bliye Konstitisyon an di: Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kite kantik, pran priyè, men yon lòt bagay mwen te vle anonse nou tou ki montre Kreyòl nan ka menm sou plan entènasyonal. Sit entènèt CreoList (Creole Achives-CA) ki te yon bonjan referans pou tout moun k ap fè rechèch sou Kreyòl fèmen pòt li nan dat ki te 11 septanm 2002 a. Jens Edlund (edlund@speech.kth.se) ak Mikael Parkvall (parkvall@ling.su.se) ki te konn anime epi soutni ak fòs kouraj yo sit la ak lis diskisyon an te vin pèdi fòs apre sis lane. Marilyn Mason te voye yon mesaj ban nou kote li mande nou korije ralonj nou mete nan REKA pou pwogram li yo. Li te di: pou mank lajan nou oblije kanpe kèk nan aktivite MIT2 yo, men sa pa vle di Marilyn pou tèt pa li ap kanpe. Ak nouvèl sa a, gwo rèv teknoloji pou Kreyòl la ap evapore. Kreyòl pa fè resèt ankò an 2002, nou wè kijan inisyativ etranje yo ap fane se nou menm Ayisyen ki pou pran larelèv. Dènyè gagann Kreyòl la pran se nan Massachusetts, Ozetazini. Nan eta sa a gen yon pwogram bileng k ap bay randman depi trant lane. Gwoup moun ki pale Kreyòl reprezante dezyèm pi gwo gwoup elèv bileng yo apre Panyòl. Yon nonm ki sòti kote l sòti a rive foure yon kesyon referandòm malatchong nan eleksyon madi 5 novanm nan. Kesyon an mande moun yo si yo dakò pou pwogram bileng fèmen dekwa pou yo ka montre timoun yo pale Angle. Nou wè mechanste malpouwont lan; komkwadire timoun yo pa aprann pale Angle ak pwogram bileng ki la a. Se manti toupi paske isit la nan Massachusetts nou gen plis siksè pase pwogram pa nonm nan ki ap antere timoun Kalifòni tou vivan anba tè. Epitou, poukisa se blan meriken ki pou deside sa ki bon pou ti moun ki debake nan peyi, kote fanmi yo nan katon sa a? Yo pa gen lavwaochapit? Politisyen san pwogram ki rele Mitt Romney a te mennen kanpay li ak yon eslogan "Ann fèmen edikasyon bileng, ann aprann timoun yo angle". Mezanmi oh, se anyen msye pa gen pou li fè ak plis pase senk milyon moun k ap viv nan Massachusetts la ki fè se pou trannsenk mil timoun ki poko konn pale angle yo li konsantre tout atansyon li, sa ki reprezante 4% popilasyon eskolè a sèlman. Antouka, se li ki monte Gouvènè, siman li pral pran yon dezyèm djòb leswa, aprann moun pale angle. Konsekans referandòm sa a ki pase ak 68% vòt wi, grasa moun ki pa menm konnen kote Ayiti plase sou kat la, gen rezilta grav. Yon egzanp, ann di mwenmen Ayisyen, menmsi gen yon timoun ki fenk debake nan peyi a ki pa pale Angle ki gen okabine k ap tonbe sou li, m pap ka montre l watè a an Kreyòl paske m ap anba gwo amann, m ap anba revokasyon, m ap anba banisman pou senk lane pou m pa anseye. Se oubyen m pale Angle, oubyen m fèmen bouch mwen mwen kite l degaje l nan rad li. Tout bèl travay an Kreyòl nou t ap fè yo disparèt tankou yon kout zeklè. Tankou nou wè li a, se premye ane Kreyòl la fete bèl konsa toupatou nan lemonn, menm an Ayiti nan Palè Nasyonal. Mennitou, se premye fwa kote mwen wè Kreyòl la ap fè fas ak yon latrye malèpandye konsa. Jwèt pou nou! Kòdo |