
Nan
tan lontan, anvan panyòl ak franse te vini nan peyi a, te gen Endyen. Se te yon
pèp pezib ki pa t janm gen pwoblèm, sitou nan fason senp yo te konn viv la.
Lè
Ayiti Toma pèdi dwa granmoun li, soti XVe syèk rive nan kòmansman XIXe syèk
genyen yon bann chanjman ki te fèt nan peyi a. Konsa, nou vin jwenn pèp la pa
menm. Moun nwa, milat ak kèk blan ranplase premye popilasyon peyi a. Chanjman
sa a mennen tou chanjman mwayen kominikasyon. Nou vin pale kreyòl ak franse.
Lasyans
di depi nan yon kominote, yon peyi, nou genyen divès gwoup moun ki pale lang
diferan, pwoblèm pou youn konprann lòt poze. Konsa kondisyon lavi moun yo,
relasyon youn genyen ak lòt pral fòse yo kreye yon mwayen kominikasyon pou
rezoud pwoblèm kominikasyon sa a.
Se
sa ki te rive Sendomeng, pandan franse t'ap dirije nou. Zanzèt nou yo te soti
an Afrik men tout pa t pale menm lang, paske yo pa t moun menm peyi. Konsa, lòt
jenerasyon an, kidonk pitit granpapa nou yo ki te fèt nan koloni an te chache
rezoud pwoblèm sa a nan melanje lang Blan an (franse) avèk lang papa ak manman
nou pou ba nou lang ayisyen an. Kòm lang sa a fèt nan koloni Sendomeng
yo rele li Kreyòl. Se poutèt sa nou jwenn lang kreyòl, an jeneral, nan
peyi kote ki te genyen kolonizasyon : franse, angle, pòtigè, olandè oswa panyòl.
Lang
kreyòl la pase anpil peripesi anba men Ayisyen ki ta dwe defann li. Rezon an se
pwoblèm esklavaj la. Lontan, sou tan lakoloni, yo te konn mare nou nan chenn,
yo te konn fè nou konprann nou se bèt. Tout sa nou fè, tou sa nou kreye, tou
sa ki sot anndan nannan nou pa bon. Yo te ban nou lòd swiv yon sèl modèl, pa
mèt la.
Jounen
jodi a, apre anpil batay nou mete mèt yo deyò, men esklavaj la kontinye paske
chenn yo sot nan men nou men kanta pou tèt nou, sèvo nou, sa makònen ak chenn
nan toujou. Sa fè pou jis kounye a relijyon zanzèt yo se pa relijyon, se zafè
djab ; yon moun nwa se chabon dife, li lèd, li nwè ; Kreyòl pa lang
, se yon dyalèk, se yon patwa..
Lang
kreyòl la tann 183 ane anvan manman lwa peyi a rekonèt li se youn nan lang
ofisyèl peyi a. Poutan 85% moun ki ap viv anndan peyi a se kreyòl sèlman yo
konprann.
Jis
kounye a, Lekòl se yon batay. Malgre tout moun ki ap prepare oswa responsab
pwogram lekòl konnen yon timoun pa dwe aprann nan yon lang li pa pale, lekòl
kontinye fèt an franse san yo pa aplike refòm sistèm edikasyon an ki mande
pou lekòl la fèt nan 2 lang ofisyèl yo.
Nan
administrasyon Leta, Biznis prive, yo pa ko respekte dwa
tout Ayisyen genyen pou li jwenn sèvis nan lang
li konprann pi byen an. Konsa li pa ra pou ou parèt nan yon biwo epi pou
tonbe sou yon konvèsasyon konsa :
X :
Bonjou, m ta renmen pale ak mesye Jan Wobè Ilè.
Y :
Monsieur Hilaire est occupé, vous voulez lui laisser un message ?
X :
Bò ki lè l’ap fini ?
Y :
Je ne sais pas. Il est en réunion. Si vous voulez l’attendre, mettez-vous là-bas.
Pou
laprès menm, malgre gen anpil jefò ki fèt bò kote kèk jounalis nan yon seri
estasyon radyo ak televizyon, moun gen anpil difikilte pafwa pou konprann sa
y’ap di oswa de ki sa y’ap pale.
Yon
lang pa devlope san pèp, san kominote kote yo itilize lang sa a. Lang nan la
pou montre nivo devlopman pèp la, se glas kote moun gade epitou konprann mès,
koutim, kilti yon pèp. Lang kreyòl nou an sèvi pou tradui reyalite lòt peyi.
Depi
lontan gen anpil inivèsite peyi Etazini ki ap fè rechèch sou kreyòl, sitou
kreyòl ayisyen piske nou se sèl peyi kote lang kreyòl la ofisyèl. Rechèch
sa yo chita sou dekripsyon tout branch lang nan epi fè konparezon avèk lòt
lang; angle paregzanp kote gramè li rankontre kèk kote avèk pa kreyòl la.
Ayisyen
ki ap viv nan dyaspora a fòme asosyasyon pou ekri, pibliye, bay enfòmasyon an
kreyòl epi sou kreyòl kit se sou papye, kit se sou entènèt.
Pou
fini, n’ap di : "lang se yon mwayen kominikasyon". Premye lang yon
moun se pi bon zam li genyen nan men li pou batay avèk lavi a. Lang kreyòl la
pa bare devlopman peyi d Ayiti, li se sèlman wout Ayisyen ap itilize pou li
devlope. Men èske nou menm, Ayisyen nou vle devlope ?
Serge
Sylvestre
Anseyan
Kreyòl
Pòtoprens,
Ayiti