CHÈCHE KONNEN

Yon Moun...Yon Liv...Yon Lide...Yon Dat..


 Sekretè REKA a te resevwa yon liv Dwayen Fakilte Lengwistik Apliye a (FLA), Mr Pierre Vernet, pibliye nan mwa oktòb 2001 an. Liv la rele “ Analyse du Roman – Analiz Woman  Eritye Vilokan de Pierre Michel Cheri” ( Guide de Lecture). Sekretè a te mete li dakò ak Pierre Michel Chery pou nou pibliye yon ti pati tèks la. Moun ki enterese li li an antye ka kontate otè yo osnon librè nou siyale nan paj jounal la.

Pou tout enfòmasyon nou ka kontakte FLA

nan nimewo telefòn (509) 245-1233; 244-3253

faks: (509) 245-9153

adrès elektwonik: fla-ueh@netcourrier.com  

Men kijan otè a prezante travay li a e ekriven ki te ekri woman li deside analize a. Sekretè REKA a te pran anpil plezi li liv la e li rekòmande tout moun chèche jwenn liv sa a pou yo ka pataje menm plezi entèlektyèl sa a.


“Pou ki sa travay sa a ?

Travay analiz sa a ki fèt sou woman Pyè Michèl Cheri a chita sou plizyè rezon e li kapab itil divès kalite moun. Men li fèt sitou pou elèv ak etidyan; konsa, travay sa a vize plizyè pwen:  

1.  Pèmèt elèv ak etidyan yo konprann woman an pi byen sou baz yon lekti pi teknik anpi pi an pwofondè.  

2.   Ba yo kèk eleman nan analiz tèks literati.  

3.   Ofri yo yon ti kout‑je tou rapid sou syans lengwistik: fonetik, sentaks, semantik... ki sa ki fè yon lang ? son, mo, òganizasyon...  

4.   Founi yo kèk eleman pay‑pay sou sosyolengwistik. Kouman yon lang fèt, anpi devlope ? Kouman sa te pase pou Kreyòl? Kouman Ayisyen ki pase lekòl wè tèt yo, wè lang yo? Ki valè yo bay kreyòl, franse, angle ... ?  

5.   Eseye montre yo kouman anpil Ayisyen ki pase lekòl pale yon "bagay" dwòl ki pa ni Kreyòl, ni franse men yon kalte mankemelanj ki rale mennen anpil pwoblèm.  

6.   Lonje dwèt sou kèk nan pwoblèm sa yo: Kreten ak parès nan jan w’ap pale, manke konesans nan toulède lang yo, manke presizyon ak klète nan sa ou vle di, pwoblèm konprann pou moun k'ap koute w'.  

7.  Montre, sou baz egzanp, kouman pratike de lang an bon jan maton ki se antidòt mankemelanj nesesite yon bon konesans nan chak lang yo; sa vle di kapasite pou respekte chak nan de lang sa yo ak tout règ chak ladan yo, pou kont pa yo genyen.  

8.  Ouvè pèt sou pwoblèm tradiksyon sou baz de menm tès, youn an Kreyòl, 1òt an franse, ki kapab sèvi egzanp ak egzèsis.


Douvan-pawòl.

Ki sa yon ekriven ye ?

Moun bati lang pou yo pale A 1òt moun, pou boukante lide, pou pale sou tèt yo, sou lavi yo, sou pwoblèm yo, sou tout sa yo wè, tout sa yo santi... Konsa 1è yon moun pale, pawòl li di sa li ye. Ki sa li ye? Se rezilta lavi pa li, sa li viv; yon lavi ki pran chè nan viv ak 1òt, yon lavi ki gen rasin nan tan depi te gen tan pou li vin brase ak mouvman jodi.  

Lè moun pale, se tou sa... Kidonk yon ekriven se yon temwen, yon temwen kap founi je gade pou li ekri sa li wè, sa tout moun wè, sa tan an ap viv. Ositou si yon moun bezwen konnen sa ki te pase, sa ki ap pase nan yon peyi, nan yon peryòd, se li zèv ekriven.  

Pyè Michèl Cheri fèt an Ayiti, li ap viv an Ayiti. Li ouvè je li laj, li fiske lavi Ayisyen parèy li, li fè foto lavi peyi a ki ap fè kous li ak tout divès kalite lamadèl, valeryann, koub yanvalou li pote. Men li di tou kouman tout moun ta remnen pran wout ki mennen sou platon san falèz de bò.  

Liv li ekri a tradui tout boulvès Ayisyen ap viv jodiya, nan dezespwa yo, yon dezespwa ki nouri lespwa.”    

 

II - Pèz woman an.


Kisa woman an gen ladan li ? Ki komisyon li pote ? Ki sa ekriven an vle di nou?


A- Istwa woman an.


Nan sèt chapit ekriven an trase chimen tonbe leve popilasyon Dazile. Yon popilasyon sèvo gwo fòs deyò ak bra grennsenk anndan fin koukouman nan divizyon, rayisans, "tout pou mwen sèl", sèvo zonbi ak malsite pèpè. Ekriven an trase chimen an jouk nan dènye chapit la kote nan linyon youn ak lòt, anpi nan makònay ak kèk tizon dife entènasyonal, popilasyon Dazile pral fè depwen sou fòs fènwa, pou li pran wout solèy ak sous dlo fre anba yon gwo pye bwa nan mitan bèl flè. Se listwa goumen tout yon pèp nan makònay li ak batay
entènasyonal tout piti sou latè ap mennen kont gwo-je ak konpayèl yo.


Tout istwa a pati ak Fawoud, yon Gwadloupeyen, militan entènasyonalis ki debake Dazile. Sou wout otèl la, li pral estomake lè li wè jan pyeton pa gen pyès  dwa devan chofè k'ap monte sou yo jis sou twotwa. Annik rive nan otèl la li pral pale sou nesesite mete sou pye yon asosyasyon pyeton. Koze a rive nan zòrèy yon militan atoufè; ki, tande sa li vle: "gen yon blan ki vini ak lajan". Yon manifestasyon yo monte pou sa gen tan ateri devan lotèl jounalis la ki manke pèdi lavi li. Li pa te gen lajan.


Fòk ou konprann! Menm si van-tanpèt ap soufle, yon ti branch zèb p'ap souke si OMK pa vle. Chèf biwo OMK gen nan Dazile a rele Gòdonn. Satelit, reyon lazè, teknoloji dènye kri, dola. kontwòl san pou san. Mouvman popilè fèt, defèt, refèt; yo fè, yo defè, yo bloke, yo debloke, kore, dekore. 


"OMK mèt tè a : lalwa pou li, tè a pou li"(paj 42)
" Ak sentrebas, satelit sèke w' depi nan syèl, kò tout
moun vann anba limyè enfrawouj, reyon lazè fè mikalaw.
"(page 27)


OMK finanse pwojè, li kreye ONG, li fè eleksyon, li mete minis.
"Sentrebas se remèd OMK envante pou donte peyi
refraktè"(paj 27).


Istwa a, se istwa tout lavi pèp Dazile depi li te fèt jouk jodiya. OMK se agranman. Li pran tout fòm. Men li te toujou la. Ositou tè Dazile chaje ak karyann, li gen venn. Aloufa pa te janm nan plezantri. Jwèt la pa fasil pou pitit tè a.   Kokorat pouse tankou raje, mouvman popilè ak militan pouse toupatou. Opalmis, lidè pwofesyonèl, sèl chèf chanjman. Se li ki pou pale ak Fawoud. Se ak li Gòdonn pale pou kalme manifestan. Mezi lajan w', mezi wanga w'. Kòb pa, manifestasyon pa, chanjman pa. Depi Dazile te fèt, li te fèt pou gwo zotobre:


"Nan Dazile kilès k'ap ba w' lapawòl si grangrann pa
kite non pou ou" (paj 73).


Tè Dazile koupe pakanpak ak divizyon. Tout moun ap viv nan degrennen ; chak koukouy klere pou je w, gwo pous pa mele, chen manje chen.


"Asosyasyon bay plis pwoblèm pase li rezoud. Detan twa
mouvman, chèf yo goumen" (paj 34).


Tout lavi Dazile bati sou gwo-manje-piti pran chè nan zantray divizyon :


"Nan je majis treto penitans machann bò lari bay pi
bèl flanm pase miray beton" (paj 41).


Divizyon ki chita nan kouch sosyal yo pa bay goumen-pou-vanse okenn chans: chen manje chen, rayisman, bil anmè-fyèl sou lestomak, jalouzi, plezi devan malè ki rive kanmarad.


"Bèl okazyon pou desepsyon trennen rankin vin pran
woulib sou do manifestasyon pyeton" (paj 41)
"Move nouvèl ak pwen pike voye latwoublay bay
eyandwa"(paj 41).

Gran nèg ap toupizi malere, malere rayi gran nèg, klas mwayèn rayi toulède. Men gen de kan : Kan chanjman ak kan anti-chanjman. Yo tout nan toulède kan yo ; se sèl patatis ki bay, militan konsekan se egare ki pa konprann anyen. Ki sa ki rete pou moun Dazile?  Fatra-pwazon ak pèpè. Manje pèpè, rad pèpè , legliz pèpè, chanjman pèpè, demokrasi pèpè, zenglendo pèpè, elatriye. Ki sa ki rete? Patans (Se tit dezyèm chapit la). Tout moun ap chape poul yo. Pye, sa te manje m' pa t' ba ou. Lanmè, anbafil, avyon pou dotwa ki kapab,


"Nan Dazile pa gen pò, pa gen chans, pa gen
sikonstans, si ou pa vire do bay Dazile" (paj 73).


Devan mizè mizèrere sa a, devan lavi gou fyèl-kalomèl sa a, devan debrabalan, koucheplat, viredo sa a, Pyè Michèl Cheri di "NON!". Li di "OTAN, kanpe la!".  Li poze yon sèl kesyon, yon kesyon nan rasin :


"Pouki abitan Dazile pa sèvi ak konesans sa yo pou yo
wete peyi yo nan mizè. Pouki yo pito viv nan mande lòt
pèp lacharite". (paj 78)


Se prensipal kesyon an. Se sou li tout liv la chita. Kesyon nan rasin ki pou ouvè je pitit Dazile yo, rale yo tounen nan rasin yo. Pitit Dazile pèdi egare de nawè pete nan wout fènwa. Se pou yo fè bak tounen kote yo te pèdi a, nan kafou sèt chimen. Yo va chache bon wout la. Yon sèl wout : lekòl, men yon lòt lekòl. Madiba (yon dam Sent-Lisi), Pè Jazon, Fawoud, ki ap òganize li. Yon lekòl ki chita sou baz fondalnatal Dazile ; pa yon lekòl anlè-anlè, blòf, demagoji, tèt vid, resite bèl fraz. Men yon lekòl fondalnatal, ki tounen nan rasin Dazile. Nan poze pwoblèm lekòl la, se tout istwa Dazile depi li te fèt ki parèt. Se tout pwoblèm sosyete a ki poze : Yon lekòl pran konsyans ak fouye-chache kont yon lekòl sèvo-kò-lage. Yon lekòl bon jan konesans tape nan pratik kont yon lekòl lespri anlè resite bèl mo. Nan lekòl Madiba, Pè Jazon ak Fawoud la, laboratwa a fèt pou antre timoun yo nan teknoloji modèn òdpote. Men se ak ti materyo pa yo, ti materyo yo ranmase nan peyi a yo fè aparèy.


"Aparèy la pral pèmèt yo verifye si gen twou vid nan
nas newonn sèvo kanzo malad yo. aparèy la pral pèmèt
ekip la gade nan lòt direksyon, tankou dyamèt may yo,
malfòmasyon ak sikilasyon eleman tankou oksijèn, fosfò
ak lòt " . (paj 110)


Teknik yo sèvi pou etidye pwoblèm ki nan reyalite tè Dazile.
"Matyè ki nan konpozisyon pwodui yo boule nan
inisyasyon yo" (paj 110).

"Manm lagad yo pase nan yon dezyèm konsyans lè yo ap
konpoze pwodui yo. Yo pa janm rekonèt anyen nan pwodui
yo sòt prepare yo, lè je yo vin klè. Gen lè se youn
nan pi bon sistèm sekirite jiskaprezan yo imite sou
latè. Anpil gwo sant enfòmatik ap eseye swiv prensip
la."(paj 111)

Se te yon ti pati nan liv “Analyse du Roman – Analiz Woman  Eritye Vilokan de Pierre Michel Cheri” ( Guide de Lecture)” Dwayen Pierre Vernet ekri. Pou plis enfòmasyon: kontakte Dwayen Pierre Vernet nan

FAKITE LENGWISTIK APLIKE

nan nimewo telefòn (509) 245-1233; 244-3253

faks: (509) 245-9153

adrès elektwonik: fla-ueh@netcourrier.com

 

Pou " Eritye Vilokan" kontakte otè a Pierre Michel Chery nan adrès elektwonik sa a

pimich@yahoo.com

Retounen sou JKA 3

Retounen sou paj REKA a