
Nan kad komemorasyon Jounen Entanasyonal Kreyòl la, SEDRA òganize
yon sware kiltirèl nan lokal KAFANM nan pou pale de kilti kreyòl. Envite
espesyal la se te sosyològ Yvrose
Moise, manm gwoup yo rele Afrikarib.
Afrikarib se yon gwoup pwofesyonèl ayisyen ki met tèt yo ansanm ak lòt
karayibeyen ak afriken pou fè kilti ayisyen an vanse epi etabli koneksyon ant
Ayiti, Lafrik ak lòt kilti nan Karayib la. Nan peyi Ayiti, Afrikarib kòmanse
komemorasyon Jounen Kreyòl la depi semèn 16 oktòb la, men nan lòt zile
tankou Sechèl, Moris, Sen Vensan, Dominik se tout mwa oktòb la yo konsakre a
kilti kreyòl.
Yvrose bay mo kreyòl la yon sans ki laj anpil. Kreyòl se pa
sèlman lang nou pale a; se tout esans, rasin, sous, kilti ki
konbine pou bay pèp ki gen karakteristik kreyòl yo. Kidonk gen konpòtman
kreyòl, abitid kreyòl. Nou tande pale de kreyòl nan kad nitrisyon tou ak diri
kreyòl, poulè kreyòl pa egzanp. Nan prezantasyon li a, Yvrose devlope diferan
konsiderasyon sou kilti ayisyen an.
Pou lòt pèp kreyòl yo, ke yo nan Karayib la ou yon lòt
kote, Ayiti se yon referans, se yon egzanp yo ka suiv. Yo wè Ayiti kòm yon lidè ki reyalize anpil pou enpoze
kilti li, kit se nan travay atis yo, nan pwodiksyon atizanal, ou nan diferan fòm
rezistans a lòt kilti ki ta vle vale l. Yo gade l ak admirasyon. Se etonan
moun deyò apresye kilti ayisyen an alòske andedan Ayiti plen prejije
kont li. Ayisyen wont prezante tèt yo kòm kreyòl. Atis ak atizan k al
reprezante kilti a deyò ak siksè pa jwenn okenn rekonesans sou plas. Malgre
konstitisyon peyi a di Kreyòl se
youn nan de lang ofisyèl yo, yo fè tout ejò pou ta demontre li pa yon lang.
Nan administrasyon piblik, souvan ou resevwa move kalite sèvis oswa ou pa
resevwa sèvis ditou si ou kominike ak anplwaye yo an kreyòl. Nan lekòl
fondamantal kote yo sipoze anseye an kreyòl, anpil fwa yo melanje l ak fransè.
Nou ta ka ajoute dokiman ofisyèl yo parèt an fransè anvan vèsyon kreyòl la,
si li egziste, si li rive soti.
Tout sa montre kreyòl la poko pran dimansyon pou li pran nan sosyete ayisyen
an.
Yon lòt aspè nan kilti a Yvrose konsidere se vodou a. Otè
tankou Depès, Roumen te rekonèt fòs vodou a. Yo te refere yo a li lè yo t ap
ekri woman politik yo. Malgre Manwèl te tounen yon nonm chanje, konsyantize
apre tout tan li fin pase Kiba, li te patisipe nan seremoni pou lwa yo anvan pou
konbit dlo a fèt. Youn nan pi gwo erè anpil, pou n pa di tout, militan politik
yo komèt se minimize valè vodou a. Genyen ki ale jiska mete l akote, meprize
l. Kijan pou
ou ka reyisi nan lit ou di ou ap mennen pou yon pèp lè ou meprize pwòp esans
li? Se petèt youn nan rezon ki fè lit la poko ka abouti.
Pwogresis ayisyen fèt pou tire leson de erè lòt ki te pase anvan yo pou yo
mennen yon batay sou tout fwon. Lit la fèt pou li baze sou analiz reyèl
sosyete a, analiz ki soti nan men moun ki kwè nan kilti a, respekte l epi
montre volonte pou valorize l.
Vodou a se pa sèlman yon relijyon. Se sa yo rele nan kèk zòn
an Afrik kilti zansèt yo.
Antan kilti zansèt yo se yon tradisyon ki detèmine konpòtman nou, fason nou
pran swen tèt nou, fason nou konekte ak fòs ki pi fò pase nou… Li estab.
Yon moun pa kab ni li pa bezwen detache l de li pou li pratike nenpòt ki lòt relijyon.
An konklizyon Yvrose atire atansyon nou sou nesesite pou plis
rechèch fèt sou kilti a. Pou rechèch sa yo valab, kredib, se natif natal san
prejije ki gen bon jan enterè nan konprann kilti a ki ta dwe kondui yo.
Jiska prezan sa nou aprann nan liv yo se entèpretasyon etranje ki
pretann yo konprann kilti a apati de teyori ak esperyans ki baze sou lòt kilti
totalman diferan.
Pou jounen 28 oktòb la, Yvrose ankouraje tout pèp kreyòl,
kèlkeswa kote yo ye pou yo chwazi yon siy kèlkonk pou montre yo se kreyòl :
abiman, foula, brasa, bwòch, mizik…