Bib la : Makdwèt Bondye osnon Makdwèt Moun ?

Ak Jean Saint-Vil

«Manti fè santan ap galope, nan yon sèl jou laverite trape li!»

(Pwovèb Ayisyen)

Kit se legliz Katolik Women, kit se legliz Pwotestan yo tout antann yo depi 16zyèm syèk la pou yo deklare Bib la se “Pawòl Bondye”. Tout moun ki kesyone konklizyon sa a, sa yo pran se pa yo! Men, nan ane 2000 yo, li pi difisil pou menas maspinay gwo ponyèt sa yo rive bloke kiryozite natirèl lèzòm. Kidonk, fouyadò temerè derefize sispann bouske limyè laverite…

Noumenm, dokiman nou ap itilize kòm referans biblik nan kad travay sa a parèt sou tit: “Bib la – Paròl Bondié an ayisyin” s.v.d.: Bib la – Pawòl Bondye nan lang Kreyòl Ayisyen. Se yon dokiman “Société Biblique Haitienne” sòti ak konkou “Alliance Biblique Universelle” nan ane 1985.

Nan premye koze liv la otè yo eksplike pwosesis yo suiv pou yo tradui liv la. Sepandan, menmsi yo rekonèt “nan kopye sou kopye…genyen ki sote fraz, genyen ki sote mo, genyen se mete yo mete lòt mo nan plas yon mo”, otè yo deside rele liv yo a “Pawòl Bondye”. Kidonk, sa ta vle di: menmsi se moun ki ekri liv la, menmsi moun sa yo gen tout kalite defo (gen ladan yo menm ki rekonèt kòm kriminèl atoufè…), sa pa anpeche pawòl yo ekri yo rete pawòl ke Bondye enspire – daprè otè yo!).

Si ou pati ak gwo sipozisyon gabèl sa a, sèl bagay ki ka fè ou konnen si wi ou non pawòl ki nan Bib la se pawòl Bondye, se si pawòl yo pa kontredi tèt yo epi si yo pa tonbe nan di bagay ki klèman an dezakò ak jan yo defini karaktè Bondye nan menm Bib la. Osnon si Bib la dekri kèk evènman ki parèt aklè kòm manti.

Nou derape…

Èske gen tèks nan Bib la ki ale alankont karaktè yon Bondye ki bon, ki jis?

Èske menm Bondye ki pase lòd pingga vòlè, pingga touye elatriye…(alewè 10 kòmandman yo nan Ekzòd 20) kapab ede moun vòlè, fè kadejak, touye lòt moun osnon fè yo tounen esklav?

Daprè Bib la, se ekzakteman sa ki te rive apre pèp Izrayèl la pati kite patiraj yo. (alewè: Detewonòm 7 vèsè 1 ak 2 “Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo…).

Nan, Resansman chapit 31, “Bondye” ta swadizan dakò ak lòd Moyiz bay nan vèsè 17 epi 18 pou sòlda Izrayèl yo maspinen tilezanj ak fanm yo poze lapat sou yo pandan lagè: "Se pou nou touye tout pitit gason yo. Se pou nou touye tout fanm ki kouche ak gason deja. Men nou va sove lavi tout jenn fanm ki poko janm kouche ak gason. Nou va pran yo pou nou…"

Nan Liv ki pote non Samyèl la, chapit 15 vèsè 3, “pwofèt la” bay Wa Sayil kòmandman “Bondye” voye pou li: "Kounye a leve al atake moun Amalèk yo. Ou va pran tout sa ki pou yo, ou va ofri yo bay seyè a. Ou pap gen pitye pou pèsonn lakay yo: Nou va touye fanm kou gason, timoun ak tibebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik…"

 Nan Bib la, gen plizyè pasaj rasis ki ankouraje lesklavaj

Alewè: Ebre 11 v 33 "Ak konfyans yo te gen nan Bondye, yo te goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo…" ; Levitik 25 v 42 "….Yo pa gen dwa vann nou pou fè esklav lòt moun. Pingga nou aji mal ak moun pèp Izrayèl parèy nou yo" v 44 ak 45 "Lè nou va bezwen gason osinon fi pou sèvi esklav lakay nou, nou ka achte yo nan pami moun lòt nasyon ki ap viv lòt bò fwontyè peyi nou an. Nou ka achte pitit moun lòt nasyon ki ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou. Nou va kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Yo va sèvi nou jouk yo mouri…".

Gen yon vèsè nan liv ki pote non Pyè yo ki si tèlman reyaksyonè, gwo chabrak tradiktè yo evite itilize mo “esklav” la, men lè ou li tèks la epi konpare li ak lòt tèks ki repete menm lide degrenndwat sa a (alewè: Efèz 6 vèsè 5 rive sou 8) ou konprann aklè se ekzakteman osijè lesklavaj li ap pale. I Pyè 2 vèsè 18 di nou “Noumenm “domestik” yo, nou fèt pou nou soumèt devan mèt nou yo avèk tout respè yo merite. Pa sèlman devan mèt ki bon yo, mèt ki gen bon kè yo, men devan mèt ki gen karaktè difisil yo tou…Bondye va beni nou, si lè yo ap fè nou soufri pou sa nou pa fè, nou sipòte lafliksyon an paske nou konnen se sa Bondye vle ”.

Konsa tou, gen yon patipri pou gason ki tèlman klè nan Bib la, li difisil anpil pou yon moun onèt pa remake se yon makòn gason seksis ki fè konpilasyon tèks yo.

Men de grenn ekzanp pami yon dividal ki nan tout kò Bib la. La a se apot Pòl k ap pale: “Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a, fanm pa fèt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumèt yo. Si yo bezwen mande kichòy, yo va mande mari yo lè yo lakay yo. Non. Sa pa fèt pou fanm yo pale nan asanble a” (1Korent chapit 14 vèsè 33-35) “ Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la…si se yon wont pou yon fanm koupe cheve li osinon pou li kale tèt li, se pou li kouvri tèt li tou. Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas li fè wè pouvwa Bondye a. Men, fanm nan menm se pouvwa gason an li fè wè. Paske se pat avèk moso nan kò yon fanm Bondye te kreye gason, se avèk moso nan kò yon gason li te fè fanm. Se pa pou fanm nan Bondye te kreye gason an, men se pou gason an Bondye te kreye fanm nan. Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm nan dwe pote yon mak sou tèt li pou montre li soumèt anba otorite mari li…” (1 Korent chapit 11 vèsè 3, 6-10). Tout sa, san konte yon dividal kòmantè, jijman, kòmandman seksis nou jwenn ni nan Ansyen Kontra, ni nan Nouvo Kontra – tout alawonnbadè se makdwèt moun, sitou makdwèt gason blan Juif-Ewopeyen.

Nan yon atik ki parèt nan jounal The South Bend Tribune, 12 jen 1998, ak siyati yon fanm Batis, nan peyi Etazini ki rele Diana Butler Bass, nou li yon tèks ki ka tradui konsa: “ Lè Pòl ap ekzije fanm pou yo soumèt yo devan gason konsa a, se paske li t ap eseye kontwole yon sitirasyon andebandad - epi ki te gendwa vin danjere…Moun ki te fenk konvèti yo epi ki te eksite onpeplis te sètoblije jwenn kichòy ki pou kalme lafwa yo ak yon sèten respè pou estrikti tradisyonèl ki te anplas alepòk. Kidonk, Pòl ekzije madanm pou yo soumèt devan mari yo demannyè pou pwouve fidelite yo annegad sosyete Women an epi konsa, diminye danje pou yo akize yo kòm trèt ki vle boulvèse wayom Wòm nan”.

Nan menm Atik sa a, Madan Bass reponn yon lòt fanm Batis ki rele Madam Mohler, ki limenm te kanpe sou bit “Daprèzavwa Bib la mande pou fanm soumèt devan mari yo ensiswatil!”. Madan Bass reponn, li di “Wi, Madan Mohler, soumisyon fanm devan mari yo, se prensip ki ekri nan Bib la. Lesklavaj tou. Bib la anseye toulede nan menm tèks la. Alòs poukisa nou deside kwè nan youn epi vag sou lòt la?”.

Nou kanpe la pou jounen jodi a. Yon lòt fwa nou va manyen kèk lòt eleman nan tradisyon jideyo-kretyen an ki bay anpil Pitit Lafrik Ginen gwo tèt fè mal.

 

Sous: "Viv Bondye ! Aba Relijyon !", 2000

Jafrikayiti

 

Retounen sou JKA 3

Retounen sou paj REKA a