Bonjou Lionel,

 

Men yon ti lèt ankourajman KIPKAA fenk resevwa. Mwen pa konnen, si jounal la enterese, li ta mèt pibliye l apre l ta korije kèk ti erè.

 

Si KIPKAA ta resevwa lòt mesaj ankoujman enteresan nan peryòd Mwa kreyòl la, èske jounal la ta enterese pibliye yo. Wa fè nou konnen.

 

Kenbe la.

 

Pierre-Roland

KIPKAA, CP 65060, Succ. Place Longueuil

Longueuil, Qc, Canada, J4K 5J4

Tél (450) 651 0157

Courriel: kipkaa@attcanada.ca

 

----- Mesaj la -----

 

From: "Mario Coty" <mackandal_2000@yahoo.fr>

To: <kipkaa@attcanada.ca>

Sent: Wednesday, September 18, 2002 10:49 AM

Subject: Ankourajman

 

 

> Mesye responsab yo,

>

> Nou kontan anpil jodi a, paske nou remake gen yon

> gwoup ayisyen k ap viv Kanada, men ki pa bliye kilti yo

> ak rasin yo ki se lang kreyòl, lang liberasyon peyi a,

> lang sansèt nou ak gran paran nou yo te konn pale.

>

> Nou se yon gwoup ki kreye depi nan lane 1984 ki rele

> AMAPP ki se Asosyasyon Monitè ak Patisipan Alfa nan

> Pòtoprens k ap batay pou lang kreyòl la pouse bourik

> li pi devan nan peyi a, ki te patisipe nan kanpay alfa

> misyon alfa nan lane 1986, k ap kontinye batay pou

> alfabetizasyon an tounen yon reyalite tout bonvre nan

> peyi a. Nou konsidere kòm yon gwo enjistis sosyal yo

> fè pèp ayisyen depi de san (200) lane. Nou te rive fè

> yon liv ki pote non Teknik Lekti ak ekriti Kreyòl,

> kote nou te fè vant siyati nan lane 1995 jou ki 28

> oktòk 1995 nan Bibiyotèk Nasyonal.

>

> Jodi a nou rive mete kanpe yon sant ekikasyon popilè

> ki pote non Sant Edikasyon popilè Chalo Jaklen

> (Sepotchaj) pou nou kontinye batay pou fè popilasyon an

> rive jwenn bonjan edikasyon ki kadre ak lang Kreyòl

> la. Nan sans sa a, nou ta renmen kenbe kontak ak

> KIPKAA pou ranfòse batay la pou lang kreyòl la rive

> kenbe plas li tout kote li pase, ki reprezante lonè ak

> diyite tout ayisyen.

>

> Nou swete nou bon travay, nou ta renmen patisipe nan

> gwo mobilizasyon n ap fè sou lang kreyòl, bò kote pa

> nou n ap mobilize ann ayiti pou dat sa a, pa pase san

> enpòtans.

>  Kenbe fèm pa lage.Tout lòt manm yo salye nou.

>

> Maryo Koti

> Mannm kòdinasyon AMAAP ak Kòdonatè teknik Sepotchaj

>

>

 

Nòt Editè a: Koreksyon Pierre Roland Bain t ap pale a e nou fè se ajoute o nan mo tout kote li te ekri "tut", o a te chape; se mete a nan mo batay kote yon a te manke. Apasa, mesaj la pibliye jan li te ekri a. Nou panse se nan kouri tape anvan blakawout pran yo ki esplike fot frap sa yo.

 

Retounen sou JKA 3

Retounen sou paj REKA a